Bibletech.net: index --- Read/Study the BIBLE: Learn to be THANKFUL, LOVE, Live by Faith, and FORGIVE others as you Trust in Jesus!

--- GRAMMAR and ABCs --- 35 languages, by name and ISO country code --- navigation tools for this page ---
The Bible by chapter: CREOLE and ENGLISH (NASB 1995)


Deu 8:20 Like the nations that the Lord makes to perish before you, so you shall perish; because you would not listen to the voice of the Lord your God.(NASB-1995)

================================================================================
---- Deuteronomy 9:1----
Deu 9:1 Koute byen, nou menm pèp Izrayèl! Lè a rive, jòdi a nou pral janbe lòt bò larivyè Jouden an pou n' al anvayi peyi ki pou nasyon ki gen plis moun pase nou, nasyon ki pi fò pase nou. Nou pral pran yon bann gwo lavil ki gen ranpa wotè syèl la pou pwoteje yo.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Deu 9:1 "Hear, O Israel! You are crossing over the Jordan today to go in to dispossess nations greater and mightier than you, great cities fortified to heaven,(NASB-1995)

================================================================================
---- Deuteronomy 9:2----
Deu 9:2 Moun peyi a se yon bann moun ki gwonèg, ki bèl wotè tankou moun Anak yo. Nou konn tande yo di pa gen moun ki ka kenbe tèt ak moun sa yo.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Deu 9:2 a people great and tall, the sons of the Anakim, whom you know and of whom you have heard it said, 'Who can stand before the sons of Anak?'(NASB-1995)

================================================================================
---- Deuteronomy 9:3----
Deu 9:3 Enben, koulye a, nou pral konnen se Seyè a, Bondye nou an, ki pral pran devan nou. Tankou yon gwo dife k'ap boule tou sa li kontre, li pral disparèt yo chak fwa n'a jwenn yo sou wout nou. Li pral fè yo bese tèt devan nou. Se konsa n'a pran peyi a nan men yo, n'a disparèt yo la pou la jan Seyè a te di l' la.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Deu 9:3 Know therefore today that it is the Lord your God who is crossing over before you as a consuming fire. He will destroy them and He will subdue them before you, so that you may drive them out and destroy them quickly, just as the Lord has spoken to you.(NASB-1995)

================================================================================
---- Deuteronomy 9:4----
Deu 9:4 Lè Seyè a, Bondye nou an, va fin chase moun sa yo devan nou, piga nou di nan kè nou se paske nou merite kifè Seyè a te fè n' antre pran peyi a pou nou. Non. Se paske moun sa yo mechan kifè Seyè a te mete yo deyò ban nou plas yo.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Deu 9:4 "Do not say in your heart when the Lord your God has driven them out before you, 'Because of my righteousness the Lord has brought me in to possess this land,' but it is because of the wickedness of these nations that the Lord is dispossessing them before you.(NASB-1995)

================================================================================
---- Deuteronomy 9:5----
Deu 9:5 Non! Se pa paske nou te merite, ni paske nou te mennen bak nou dwat kifè Seyè a pral fè nou pran peyi a pou nou. Se paske moun sa yo mechan kifè Seyè a, Bondye nou an, pral disparèt yo sou tout wout nou. Epitou, se pou l' te ka kenbe pawòl li te sèmante bay zansèt nou yo, Abraram, Izarak ak Jakòb.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Deu 9:5 It is not for your righteousness or for the uprightness of your heart that you are going to possess their land, but it is because of the wickedness of these nations that the Lord your God is driving them out before you, in order to confirm the oath which the Lord swore to your fathers, to Abraham, Isaac and Jacob.(NASB-1995)

================================================================================
---- Deuteronomy 9:6----
Deu 9:6 Se pou nou konnen se pa paske nou merite anyen kifè Seyè a, Bondye nou an, ap ban nou bon peyi sa a pou rele nou pa nou. Non! Paske se yon pèp ki gen tèt di anpil nou ye.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Deu 9:6 "Know, then, it is not because of your righteousness that the Lord your God is giving you this good land to possess, for you are a stubborn people.(NASB-1995)

================================================================================
---- Deuteronomy 9:7----
Deu 9:7 Pa janm bliye jan ou te fè Seyè a, Bondye nou an, fache anpil nan dezè a. Depi lè nou te soti nan peyi Lejip jouk nou rive isit la, n'ap fè wòklò devan Seyè a.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Deu 9:7 Remember, do not forget how you provoked the Lord your God to wrath in the wilderness; from the day that you left the land of Egypt until you arrived at this place, you have been rebellious against the Lord.(NASB-1995)

================================================================================
---- Deuteronomy 9:8----
Deu 9:8 Lè nou te sou mòn Orèb la, nou te eksite kòlè Seyè a. Li te sitèlman fache lè sa a, li te fè lide detwi nou tout.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Deu 9:8 Even at Horeb you provoked the Lord to wrath, and the Lord was so angry with you that He would have destroyed you.(NASB-1995)

================================================================================
---- Deuteronomy 9:9----
Deu 9:9 Mwen te moute sou mòn lan pou m' te al resevwa de wòch plat yo, wòch ki te gen kontra Seyè a te fè ak nou an ekri sou yo. Mwen rete la, mwen pase karant jou, karant nwit, san manje, san bwè anyen sou mòn lan.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Deu 9:9 When I went up to the mountain to receive the tablets of stone, the tablets of the covenant which the Lord had made with you, then I remained on the mountain forty days and nights; I neither ate bread nor drank water.(NASB-1995)

================================================================================
---- Deuteronomy 9:10----
Deu 9:10 Se lè sa a Seyè a te ban mwen de wòch plat yo. Se sou yo li te ekri avèk pwòp men l' tou sa li di nou, antan li te nan mitan gwo dife a, jou nou tout te reyini nan pye mòn lan.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Deu 9:10 The Lord gave me the two tablets of stone written by the finger of God; and on them were all the words which the Lord had spoken with you at the mountain from the midst of the fire on the day of the assembly.(NASB-1995)

================================================================================
---- Deuteronomy 9:11----
Deu 9:11 Wi, apre karant jou ak karant nwit, Seyè a ban mwen de wòch plat yo avèk kontra a ekri sou yo.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Deu 9:11 It came about at the end of forty days and nights that the Lord gave me the two tablets of stone, the tablets of the covenant.(NASB-1995)

================================================================================
---- Deuteronomy 9:12----
Deu 9:12 Epi li di m' konsa: Leve non, desann mòn lan byen vit, paske pèp ou a, pèp ou te mennen soti kite peyi Lejip la, lage kò l' nan fè sa ki mal. Yo pa tann lontan pou yo kite chemen mwen te mete devan yo pou yo swiv la. Yo gen tan fonn metal, yo fè yon zidòl pou tèt pa yo.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Deu 9:12 Then the Lord said to me, 'Arise, go down from here quickly, for your people whom you brought out of Egypt have acted corruptly. They have quickly turned aside from the way which I commanded them; they have made a molten image for themselves.'(NASB-1995)

================================================================================
---- Deuteronomy 9:13----
Deu 9:13 Apre sa, Seyè a di m' ankò: mwen gade pèp la, mwen wè se yon pèp ki gen tèt di anpil.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Deu 9:13 The Lord spoke further to me, saying, 'I have seen this people, and indeed, it is a stubborn people.(NASB-1995)

================================================================================
---- Deuteronomy 9:14----
Deu 9:14 Kite m' fè sa m'ap fè a non! Mwen pral disparèt yo nèt pou pesonn sou latè pa janm chonje te gen moun sa yo. Men ou menm, m'ap ba ou pitit ki va vin zansèt yon nasyon k'ap pi gran, k'ap pi fò pase yo.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Deu 9:14 Let Me alone, that I may destroy them and blot out their name from under heaven; and I will make of you a nation mightier and greater than they.'(NASB-1995)

================================================================================
---- Deuteronomy 9:15----
Deu 9:15 Mwen desann soti nan mòn lan ki te plen flanm dife: mwen te gen de wòch kontra yo nan men m'.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Deu 9:15 "So I turned and came down from the mountain while the mountain was burning with fire, and the two tablets of the covenant were in my two hands.(NASB-1995)

================================================================================
---- Deuteronomy 9:16----
Deu 9:16 Lè mwen wè nou te gen tan dezobeyi Seyè a, Bondye nou an, nou te gen tan kite chemen Seyè a te mete devan nou, nou te fonn metal, nou te fè estati yon ti towo,(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Deu 9:16 And I saw that you had indeed sinned against the Lord your God. You had made for yourselves a molten calf; you had turned aside quickly from the way which the Lord had commanded you.(NASB-1995)

================================================================================
---- Deuteronomy 9:17----
Deu 9:17 mwen pran de wòch plat ki te nan men m' yo, mwen voye yo jete, mwen kraze yo devan nou tout.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Deu 9:17 I took hold of the two tablets and threw them from my hands and smashed them before your eyes.(NASB-1995)

================================================================================
---- Deuteronomy 9:18----
Deu 9:18 Apre sa, mwen lage kò m' fas atè devan Seyè a. Tankou premye fwa a, mwen pase karant jou ak karant nwit, san manje, san bwè anyen. Tou sa, paske nou te fè sa ki mal devan Seyè a, nou pa t' fè l' plezi, nou te fè l' fache anpil.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Deu 9:18 I fell down before the Lord, as at the first, forty days and nights; I neither ate bread nor drank water, because of all your sin which you had committed in doing what was evil in the sight of the Lord to provoke Him to anger.(NASB-1995)

================================================================================
---- Deuteronomy 9:19----
Deu 9:19 Mwen menm, mwen te pè anpil lè m' wè jan Seyè a te fache, paske li te fache kont pou l' te disparèt nou nèt. Men, fwa sa a ankò, Seyè a koute m'.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Deu 9:19 For I was afraid of the anger and hot displeasure with which the Lord was wrathful against you in order to destroy you, but the Lord listened to me that time also.(NASB-1995)

================================================================================
---- Deuteronomy 9:20----
Deu 9:20 Lè sa a, li te fache anpil tou sou Arawon jouk li te vle touye l'. Men, mwen te lapriyè nan pye l' pou Arawon.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Deu 9:20 The Lord was angry enough with Aaron to destroy him; so I also prayed for Aaron at the same time.(NASB-1995)

================================================================================
---- Deuteronomy 9:21----
Deu 9:21 Mwen te pran estati ti towo bèf nou te fè ak move lide nan tèt nou an, mwen jete l' nan dife. Mwen mete l' nan yon pilon, mwen kraze l' an myèt moso, mwen fè l' tounen pousyè. Lèfini, mwen te jete pousyè a nan dlo larivyè ki desann soti nan mòn lan.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Deu 9:21 I took your sinful thing, the calf which you had made, and burned it with fire and crushed it, grinding it very small until it was as fine as dust; and I threw its dust into the brook that came down from the mountain.(NASB-1995)

================================================================================
---- Deuteronomy 9:22----
Deu 9:22 Nou te eksite kòlè Seyè a tou lè nou te Tabera, lè nou te Masa ak lè nou te Simityè Grangou.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Deu 9:22 "Again at Taberah and at Massah and at Kibroth-hattaavah you provoked the Lord to wrath.(NASB-1995)

================================================================================
---- Deuteronomy 9:23----
Deu 9:23 Le Seyè a te ban nou lòd pati kite Kadès-Banea pou n' al pran pou nou peyi li te di l'ap ban nou an, nou t'ap fè wòklò ak Seyè a, Bondye nou an. Nou pa t' kwè nan li, nou te derefize tande l'.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Deu 9:23 When the Lord sent you from Kadesh-barnea, saying, 'Go up and possess the land which I have given you,' then you rebelled against the command of the Lord your God; you neither believed Him nor listened to His voice.(NASB-1995)

================================================================================
---- Deuteronomy 9:24----
Deu 9:24 Depi mwen konnen nou, se wòklò n'ap plede fè ak Bondye!(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Deu 9:24 You have been rebellious against the Lord from the day I knew you.(NASB-1995)

================================================================================
---- Deuteronomy 9:25----
Deu 9:25 Se konsa mwen lage kò m' fas atè devan Seyè a, pandan karant jou ak karant nwit, paske Seyè a te di l'ap disparèt nou.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Deu 9:25 "So I fell down before the Lord the forty days and nights, which I did because the Lord had said He would destroy you.(NASB-1995)

================================================================================
---- Deuteronomy 9:26----
Deu 9:26 mwen te lapriyè Seyè a pou nou, mwen di l' konsa: O Seyè, Bondye mwen, tanpri! Pa detwi pèp ou a, pèp ki rele ou pa ou la, pèp ou te delivre ak pouvwa ou la, pèp ou te fè soti kite peyi Lejip ak fòs ponyèt ou a.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Deu 9:26 I prayed to the Lord and said, 'O Lord God, do not destroy Your people, even Your inheritance, whom You have redeemed through Your greatness, whom You have brought out of Egypt with a mighty hand.(NASB-1995)

================================================================================
---- Deuteronomy 9:27----
Deu 9:27 Chonje sèvitè ou yo, Abraram, Izarak ak Jakòb! Pa gade sou tèt di pèp la, ni sou mechanste ak sou peche l'ap fè.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Deu 9:27 Remember Your servants, Abraham, Isaac, and Jacob; do not look at the stubbornness of this people or at their wickedness or their sin.(NASB-1995)

================================================================================
---- Deuteronomy 9:28----
Deu 9:28 Mwen pa ta vle pou nan peyi kote ou fè nou soti a moun yo ta di: Wi, Seyè a pa t' ka mennen yo nan peyi li te pwomèt l'ap ba yo a. Se rayi li rayi yo kifè li fè yo soti kite peyi Lejip la pou l' touye yo nan dezè a.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Deu 9:28 Otherwise the land from which You brought us may say, "Because the Lord was not able to bring them into the land which He had promised them and because He hated them He has brought them out to slay them in the wilderness."(NASB-1995)

================================================================================
---- Deuteronomy 9:29----
Deu 9:29 Men, se pèp ou yo ye! Yo rele ou pa ou! Se avèk gwo pouvwa ou, avèk fòs ponyèt ou ou te fè yo soti kite peyi Lejip.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Deu 9:29 Yet they are Your people, even Your inheritance, whom You have brought out by Your great power and Your outstretched arm.'(NASB-1995)

================================================================================
---- Deuteronomy 10:1----


top of the page
THIS CHAPTER:    0162_05_Deuteronomy_09_ht-en.html

PREVIOUS CHAPTERS:
0158_05_Deuteronomy_05_ht-en.html
0159_05_Deuteronomy_06_ht-en.html
0160_05_Deuteronomy_07_ht-en.html
0161_05_Deuteronomy_08_ht-en.html

NEXT CHAPTERS:
0163_05_Deuteronomy_10_ht-en.html
0164_05_Deuteronomy_11_ht-en.html
0165_05_Deuteronomy_12_ht-en.html
0166_05_Deuteronomy_13_ht-en.html

links to all chapters (HT-EN-links.html)

The most accurate English translation NASB 1995: New American Standard Bible (1995 AD>
NKJV: New King James Version (1982 AD)
KJV: King James Version (1611 AD)
ASV: American Standard Version(1901 AD)
Geneva: Geneva Bible (1560 AD)
German - Luther's Die Heilige Schrift(1545 AD), based on the Textus Receptus, Vulgate and other sources
Latin: Vulgate (405 AD)
Hebrew: Masoretic OT and NT translation by Salkinson and C.D. Ginsburg
Greek-OT: The Septuagint (LXX)(132 BC) - translation into Greek from Hebrew by 70 Jewish scholars
Greek-NT: Nestle-Aland (120-200AD), oldest manuscripts used for the NASB and
Textus Receptus (1100-1200AD), a later version used by Luther and for the KJV


top of the page


NAVIGATION tools: --- TOP of page --- GRAMMAR: for 35 Languages --- BibleTech.net INDEX ---
STUDY: the BIBLE --- READ the Bible in ONE_YEAR! --- READ the Bible in the order written! ---

--- free study tools, maps and handouts --- free e-book PDF: BIBLE OVERVIEW and Summary ---

Today's Date:

"Scripture taken from NEW AMERICAN STANDARD BIBLE® 1995 edition,(NASB) Copyright © 1960-2022 by The Lockman Foundation. Used by permission."
"Scripture taken from the New King James Version®.(NKJV) Copyright © 1982 by Thomas Nelson. Used by permission. All rights reserved."