Bibletech.net: index --- Read/Study the BIBLE: Learn to be THANKFUL, LOVE, Live by Faith, and FORGIVE others as you Trust in Jesus!

--- GRAMMAR and ABCs --- 35 languages, by name and ISO country code --- navigation tools for this page ---
The Bible by chapter: CREOLE and ENGLISH (NASB 1995)


1Sa 11:15 So all the people went to Gilgal, and there they made Saul king before the Lord in Gilgal. There they also offered sacrifices of peace offerings before the Lord; and there Saul and all the men of Israel rejoiced greatly.(NASB-1995)

================================================================================
---- 1 Samuel 12:1 ---- written 930 B.C. and later----
1Sa 12:1 Samyèl di moun pèp Izrayèl yo: -Nou wè mwen fè tou sa nou te mande m' fè. Mwen ban nou yon wa pou gouvènen nou.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
1Sa 12:1 Then Samuel said to all Israel, "Behold, I have listened to your voice in all that you said to me and I have appointed a king over you.(NASB-1995)

================================================================================
---- 1 Samuel 12:2----
1Sa 12:2 Koulye a nou gen yon wa alatèt nou. Mwen menm, poutèt pa m', mwen fin granmoun, cheve m' fin blan, se pitit gason m' yo ki la avèk nou. Depi mwen jenn gason rive jòdi a m'ap mache alatèt nou.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
1Sa 12:2 Now, here is the king walking before you, but I am old and gray, and behold my sons are with you. And I have walked before you from my youth even to this day.(NASB-1995)

================================================================================
---- 1 Samuel 12:3----
1Sa 12:3 Koulye a, men mwen! Se pou nou di m' devan Seyè a, devan wa li chwazi a, sa mwen janm fè nou. Eske mwen janm pran bèf osinon bourik yonn nan nou? Eske mwen janm pwofite sou pesonn? Eske mwen janm aji mal ak pesonn? Eske mwen janm pran lajan nan men pesonn pou m' kache anyen pou li? Si mwen janm fè bagay konsa, m'ap renmèt sa m' te pran an.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
1Sa 12:3 Here I am; bear witness against me before the Lord and His anointed. Whose ox have I taken, or whose donkey have I taken, or whom have I defrauded? Whom have I oppressed, or from whose hand have I taken a bribe to blind my eyes with it? I will restore it to you."(NASB-1995)

================================================================================
---- 1 Samuel 12:4----
1Sa 12:4 Pèp la reponn: -Ou pa janm aji mal ak nou. Ou pa janm pwofite sou nou ni ou pa janm pran lajan nan men pesonn.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
1Sa 12:4 They said, "You have not defrauded us or oppressed us or taken anything from any man's hand."(NASB-1995)

================================================================================
---- 1 Samuel 12:5----
1Sa 12:5 Samyèl di yo: -Jòdi a, Seyè a ansanm ak wa li chwazi a temwen nou pa jwenn anyen pou nou repwoche m'. Pèp la reponn: -Seyè a temwen!(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
1Sa 12:5 He said to them, "The Lord is witness against you, and His anointed is witness this day that you have found nothing in my hand." And they said, "He is witness."(NASB-1995)

================================================================================
---- 1 Samuel 12:6----
1Sa 12:6 Samyèl di yo: -Seyè a temwen sa nou di a, li menm ki te voye Moyiz ak Arawon pou fè zansèt nou yo soti kite peyi Lejip la.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
1Sa 12:6 Then Samuel said to the people, "It is the Lord who appointed Moses and Aaron and who brought your fathers up from the land of Egypt.(NASB-1995)

================================================================================
---- 1 Samuel 12:7----
1Sa 12:7 Koulye a, nou menm, vin kanpe la devan lotèl Seyè a pou m' akize nou. Pou konmanse, m'ap fè nou chonje tout bèl bagay Seyè a te fè pou nou ak pou zansèt nou yo.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
1Sa 12:7 So now, take your stand, that I may plead with you before the Lord concerning all the righteous acts of the Lord which He did for you and your fathers.(NASB-1995)

================================================================================
---- 1 Samuel 12:8----
1Sa 12:8 Jakòb te desann nan peyi Lejip ansanm ak tout fanmi li. Lè moun peyi Lejip yo pran maltrete zansèt nou yo, zansèt nou yo rele mande Seyè a sekou. Lè sa a, Seyè a voye Moyiz ak Arawon ki fè yo soti kite peyi Lejip la epi ki mennen yo vin rete isit la.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
1Sa 12:8 When Jacob went into Egypt and your fathers cried out to the Lord, then the Lord sent Moses and Aaron who brought your fathers out of Egypt and settled them in this place.(NASB-1995)

================================================================================
---- 1 Samuel 12:9----
1Sa 12:9 Men yo bliye Seyè a, Bondye yo a. Lè sa a, Bondye lage yo nan men Sisera, chèf lame lavil Azò a, nan men moun Filisti yo ak nan men wa peyi Moab ki leve fè lagè ak yo.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
1Sa 12:9 But they forgot the Lord their God, so He sold them into the hand of Sisera, captain of the army of Hazor, and into the hand of the Philistines and into the hand of the king of Moab, and they fought against them.(NASB-1995)

================================================================================
---- 1 Samuel 12:10----
1Sa 12:10 Yo rele mande Seyè a sekou, yo di konsa: Nou te fè sa ki mal, paske nou te vire do bay Seyè a, n' al sèvi yon bann zidòl yo rele Baal ak Astate. Koulye a, tanpri, delivre nou anba men lènmi nou yo, n'a sèvi ou.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
1Sa 12:10 They cried out to the Lord and said, 'We have sinned because we have forsaken the Lord and have served the Baals and the Ashtaroth; but now deliver us from the hands of our enemies, and we will serve You.'(NASB-1995)

================================================================================
---- 1 Samuel 12:11----
1Sa 12:11 Lè sa a, Seyè a voye Jewoubaal, Abdon, Jefte ak mwen menm, Samyèl, li delivre nou anba men lènmi nou yo ki te tout bò kote nou yo, li fè nou viv ak kè poze.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
1Sa 12:11 Then the Lord sent Jerubbaal and Bedan and Jephthah and Samuel, and delivered you from the hands of your enemies all around, so that you lived in security.(NASB-1995)

================================================================================
---- 1 Samuel 12:12----
1Sa 12:12 Epi lè nou wè Nakach, wa moun peyi Amon yo, te pare pou l' atake nou, atout nou te konnen se Seyè a, Bondye nou an, ki wa nou, nou di m': Non! nou pa vle sa ankò. Se yon wa nou vle pou gouvènen nou.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
1Sa 12:12 When you saw that Nahash the king of the sons of Ammon came against you, you said to me, 'No, but a king shall reign over us,' although the Lord your God was your king.(NASB-1995)

================================================================================
---- 1 Samuel 12:13----
1Sa 12:13 Koulye a, men wa nou te chwazi a. Nou te mande yon wa, Seyè a ban nou li.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
1Sa 12:13 Now therefore, here is the king whom you have chosen, whom you have asked for, and behold, the Lord has set a king over you.(NASB-1995)

================================================================================
---- 1 Samuel 12:14----
1Sa 12:14 Tansèlman, Seyè a, Bondye nou an, va kanpe avèk nou si nou gen krentif pou li, si nou sèvi l', si nou koute sa li di nou, si nou fè tou sa li mande nou fè, si nou menm ansanm ak wa k'ap gouvènen nou an nou fè volonte li nan tou sa n'ap fè.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
1Sa 12:14 If you will fear the Lord and serve Him, and listen to His voice and not rebel against the command of the Lord, then both you and also the king who reigns over you will follow the Lord your God.(NASB-1995)

================================================================================
---- 1 Samuel 12:15----
1Sa 12:15 Men, si nou pa koute sa Seyè a di nou, si nou pa fè tou sa li mande nou fè, l'ap leve dèyè nou ansanm ak tout wa nou an.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
1Sa 12:15 If you will not listen to the voice of the Lord, but rebel against the command of the Lord, then the hand of the Lord will be against you, as it was against your fathers.(NASB-1995)

================================================================================
---- 1 Samuel 12:16----
1Sa 12:16 Bon, koulye a, rete kanpe kote nou ye a, nou pral wè bèl bagay Seyè a pral fè devan je nou.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
1Sa 12:16 Even now, take your stand and see this great thing which the Lord will do before your eyes.(NASB-1995)

================================================================================
---- 1 Samuel 12:17----
1Sa 12:17 Nou pa nan sezon lapli, pa vre? Nou nan sezon chechrès, sezon pou ranmase ble nan jaden nou? Bon! Mwen pral lapriyè Seyè a, li pral voye loraj ak lapli. Lè sa a, n'a konnen, n'a wè ki kalite gwo peche nou te fè devan Seyè a, lè nou te mande yon wa pou gouvènen nou.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
1Sa 12:17 Is it not the wheat harvest today? I will call to the Lord, that He may send thunder and rain. Then you will know and see that your wickedness is great which you have done in the sight of the Lord by asking for yourselves a king."(NASB-1995)

================================================================================
---- 1 Samuel 12:18----
1Sa 12:18 Samyèl lapriyè Seyè a. Jou sa a, Seyè a voye loraj ak lapli. Tout pèp la pran tranble, yo te vin pè Seyè a ansanm ak Samyèl.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
1Sa 12:18 So Samuel called to the Lord, and the Lord sent thunder and rain that day; and all the people greatly feared the Lord and Samuel.(NASB-1995)

================================================================================
---- 1 Samuel 12:19----
1Sa 12:19 Yo tout di Samyèl konsa: -Tanpri, mèt, lapriyè Seyè a, Bondye ou la, pou nou pa mouri. Paske nou mete sou peche nou te fè deja yo, lè nou te mande yon wa pou gouvènen nou.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
1Sa 12:19 Then all the people said to Samuel, "Pray for your servants to the Lord your God, so that we may not die, for we have added to all our sins this evil by asking for ourselves a king."(NASB-1995)

================================================================================
---- 1 Samuel 12:20----
1Sa 12:20 Samyèl di pèp la konsa: -Nou pa bezwen pè! Malgre nou fè bagay mal sa a, pa vire do bay Seyè a. Sèvi l' ak tout kè nou.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
1Sa 12:20 Samuel said to the people, "Do not fear. You have committed all this evil, yet do not turn aside from following the Lord, but serve the Lord with all your heart.(NASB-1995)

================================================================================
---- 1 Samuel 12:21----
1Sa 12:21 Pa vire do ba li pou n' al sèvi sa ki pa Bondye. Yo pa ka ede nou, yo pa ka sove nou, paske yo menm yo pa anyen.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
1Sa 12:21 You must not turn aside, for then you would go after futile things which can not profit or deliver, because they are futile.(NASB-1995)

================================================================================
---- 1 Samuel 12:22----
1Sa 12:22 Bondye ap kenbe pawòl li. Li te pwomèt li p'ap voye nou jete, paske li soti pou l' fè nou tounen yon pèp ki rele l' pa l'.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
1Sa 12:22 For the Lord will not abandon His people on account of His great name, because the Lord has been pleased to make you a people for Himself.(NASB-1995)

================================================================================
---- 1 Samuel 12:23----
1Sa 12:23 Mwen menm, mande Bondye padon! mwen p'ap sispann lapriyè pou nou. Se ta yon gwo peche mwen ta fè devan Seyè a si m' ta fè sa. M'a moutre nou jan pou nou viv byen, jan pou nou mache dwat devan Seyè a.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
1Sa 12:23 Moreover, as for me, far be it from me that I should sin against the Lord by ceasing to pray for you; but I will instruct you in the good and right way.(NASB-1995)

================================================================================
---- 1 Samuel 12:24----
1Sa 12:24 Gen krentif pou Seyè a. Sèvi l' tout bon ak tout kè nou. Chonje tout bèl bagay sa yo li fè pou nou!(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
1Sa 12:24 Only fear the Lord and serve Him in truth with all your heart; for consider what great things He has done for you.(NASB-1995)

================================================================================
---- 1 Samuel 12:25----
1Sa 12:25 Mentou, si nou fè sa ki mal, ni nou, ni wa nou an, n'ap mouri.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
1Sa 12:25 But if you still do wickedly, both you and your king will be swept away."(NASB-1995)

================================================================================
---- 1 Samuel 13:1 ---- written 930 B.C. and later----


top of the page
THIS CHAPTER:    0248_09_1_Samuel_12_ht-en.html

PREVIOUS CHAPTERS:
0244_09_1_Samuel_08_ht-en.html
0245_09_1_Samuel_09_ht-en.html
0246_09_1_Samuel_10_ht-en.html
0247_09_1_Samuel_11_ht-en.html

NEXT CHAPTERS:
0249_09_1_Samuel_13_ht-en.html
0250_09_1_Samuel_14_ht-en.html
0251_09_1_Samuel_15_ht-en.html
0252_09_1_Samuel_16_ht-en.html

links to all chapters (HT-EN-links.html)

The most accurate English translation NASB 1995: New American Standard Bible (1995 AD>
NKJV: New King James Version (1982 AD)
KJV: King James Version (1611 AD)
ASV: American Standard Version(1901 AD)
Geneva: Geneva Bible (1560 AD)
German - Luther's Die Heilige Schrift(1545 AD), based on the Textus Receptus, Vulgate and other sources
Latin: Vulgate (405 AD)
Hebrew: Masoretic OT and NT translation by Salkinson and C.D. Ginsburg
Greek-OT: The Septuagint (LXX)(132 BC) - translation into Greek from Hebrew by 70 Jewish scholars
Greek-NT: Nestle-Aland (120-200AD), oldest manuscripts used for the NASB and
Textus Receptus (1100-1200AD), a later version used by Luther and for the KJV


top of the page


NAVIGATION tools: --- TOP of page --- GRAMMAR: for 35 Languages --- BibleTech.net INDEX ---
STUDY: the BIBLE --- READ the Bible in ONE_YEAR! --- READ the Bible in the order written! ---

--- free study tools, maps and handouts --- free e-book PDF: BIBLE OVERVIEW and Summary ---

Today's Date:

"Scripture taken from NEW AMERICAN STANDARD BIBLE® 1995 edition,(NASB) Copyright © 1960-2022 by The Lockman Foundation. Used by permission."
"Scripture taken from the New King James Version®.(NKJV) Copyright © 1982 by Thomas Nelson. Used by permission. All rights reserved."