Bibletech.net: index --- Read/Study the BIBLE: Learn to be THANKFUL, LOVE, Live by Faith, and FORGIVE others as you Trust in Jesus!

--- GRAMMAR and ABCs --- 35 languages, by name and ISO country code --- navigation tools for this page ---
The Bible by chapter: CREOLE and ENGLISH (NASB 1995)


2Ch 17:19 These are they who served the king, apart from those whom the king put in the fortified cities through all Judah.(NASB-1995)

================================================================================
---- 2 Chronicles 18:1 ---- written 450-425 B.C.----
2Ch 18:1 Jozafa te vin gen anpil richès, tout moun t'ap fè lwanj pou li. Li ranje yon maryaj ant yon moun nan fanmi l' ak yon moun nan fanmi Akab, wa peyi Izrayèl la.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
2Ch 18:1 Now Jehoshaphat had great riches and honor; and he allied himself by marriage with Ahab.(NASB-1995)

================================================================================
---- 2 Chronicles 18:2----
2Ch 18:2 Kèk lanne apre sa, Jozafa al rann Akab yon vizit lavil Samari. Lè sa a, Akab fè yon gwo fèt pou Jozafa ansanm ak moun ki te avè l' yo. Li te fè touye yon pakèt mouton ak bèf pou fèt la. Lèfini, li chache pran tèt Jozafa pou yo al atake lavil Ramòt nan peyi Galarad.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
2Ch 18:2 Some years later he went down to visit Ahab at Samaria. And Ahab slaughtered many sheep and oxen for him and the people who were with him, and induced him to go up against Ramoth-gilead.(NASB-1995)

================================================================================
---- 2 Chronicles 18:3----
2Ch 18:3 Akab, wa peyi Izrayèl la, di Jozafa, wa peyi Jida a: -Eske w'ap vin avè m' pou atake lavil Ramòt nan peyi Galarad la? Jozafa reponn li: -Mwen menm ak tout sòlda mwen yo, nou avè ou ansanm ak pèp ou a. Se yonn nou ye!(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
2Ch 18:3 Ahab king of Israel said to Jehoshaphat king of Judah, "Will you go with me against Ramoth-gilead?" And he said to him, "I am as you are, and my people as your people, and we will be with you in the battle."(NASB-1995)

================================================================================
---- 2 Chronicles 18:4----
2Ch 18:4 Apre sa, Jozafa di Akab, wa peyi Izrayèl la: -Tanpri, annou mande Seyè a sa li di nan sa.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
2Ch 18:4 Moreover, Jehoshaphat said to the king of Israel, "Please inquire first for the word of the Lord."(NASB-1995)

================================================================================
---- 2 Chronicles 18:5----
2Ch 18:5 Se konsa, Akab reyini katsan pwofèt li yo, li mande yo: -Eske se pou m' al atake lavil Ramòt nan peyi Galarad la, osinon èske se pou m' kite sa? Pwofèt yo reponn li: -Atake l', monwa! Seyè a ap lage l' nan men ou!(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
2Ch 18:5 Then the king of Israel assembled the prophets, four hundred men, and said to them, "Shall we go against Ramoth-gilead to battle, or shall I refrain?" And they said, "Go up, for God will give it into the hand of the king."(NASB-1995)

================================================================================
---- 2 Chronicles 18:6----
2Ch 18:6 Lè sa a, Jozafa di konsa: -Pa gen lòt pwofèt nou ta ka mande si se volonte Seyè a pou n' al fè sa?(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
2Ch 18:6 But Jehoshaphat said, "Is there not yet a prophet of the Lord here that we may inquire of him?"(NASB-1995)

================================================================================
---- 2 Chronicles 18:7----
2Ch 18:7 Akab reponn: -Gen yon lòt pwofèt ankò ki ta ka fè sa pou nou. Se Miche, pitit gason Jimla a. Men, m' rayi l', paske li pa janm di anyen ki bon pou mwen. Li toujou wè malè pou mwen. Jozafa reponn: -Pa di sa, monchè!(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
2Ch 18:7 The king of Israel said to Jehoshaphat, "There is yet one man by whom we may inquire of the Lord, but I hate him, for he never prophesies good concerning me but always evil. He is Micaiah, son of Imla." But Jehoshaphat said, "Let not the king say so."(NASB-1995)

================================================================================
---- 2 Chronicles 18:8----
2Ch 18:8 Se konsa Akab rele yonn nan nèg konfyans li yo, li di l': -Prese al chache Miche, pitit gason Jimla a, pou mwen.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
2Ch 18:8 Then the king of Israel called an officer and said, "Bring quickly Micaiah, Imla's son."(NASB-1995)

================================================================================
---- 2 Chronicles 18:9----
2Ch 18:9 Wa peyi Izrayèl la ak Jozafa, wa peyi Jida a, te chita yo chak sou fotèy pa yo ak bèl rad wa yo sou yo, sou gwo glasi ki bò pòtay lavil Samari a sou deyò. Tout pwofèt yo te la devan yo ap bay mesaj pa yo.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
2Ch 18:9 Now the king of Israel and Jehoshaphat the king of Judah were sitting each on his throne, arrayed in their robes, and they were sitting at the threshing floor at the entrance of the gate of Samaria; and all the prophets were prophesying before them.(NASB-1995)

================================================================================
---- 2 Chronicles 18:10----
2Ch 18:10 Yonn ladan yo te rele Sedesyas. Se te pitit Kenana. Li fè fè de kòn an fè. Li di: -Men sa Seyè a di: Avèk kòn sa yo ou pral atake moun Siri yo. Ou pral fini ak yo.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
2Ch 18:10 Zedekiah the son of Chenaanah made horns of iron for himself and said, "Thus says the Lord, 'With these you shall gore the Arameans until they are consumed.'"(NASB-1995)

================================================================================
---- 2 Chronicles 18:11----
2Ch 18:11 Tout lòt pwofèt yo t'ap bay menm mesaj la tou. Yo t'ap di: -Ou mèt al atake Ramòt nan peyi Galarad. W'ap bon. Seyè a ap lage lavil la nan men ou.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
2Ch 18:11 All the prophets were prophesying thus, saying, "Go up to Ramoth-gilead and succeed, for the Lord will give it into the hand of the king."(NASB-1995)

================================================================================
---- 2 Chronicles 18:12----
2Ch 18:12 Mesaje ki te pati al rele Miche a di Miche konsa: -Tout lòt pwofèt yo te pale an favè wa a. Ranje kò ou pou ou pale tankou yo tout. Pale an favè wa a.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
2Ch 18:12 Then the messenger who went to summon Micaiah spoke to him saying, "Behold, the words of the prophets are uniformly favorable to the king. So please let your word be like one of them and speak favorably."(NASB-1995)

================================================================================
---- 2 Chronicles 18:13----
2Ch 18:13 Men, Miche reponn li: -Mwen pran Seyè a, Bondye vivan an, sèvi m' temwen. Sa Seyè a va di m' di se sa m'a di.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
2Ch 18:13 But Micaiah said, "As the Lord lives, what my God says, that I will speak."(NASB-1995)

================================================================================
---- 2 Chronicles 18:14----
2Ch 18:14 Lè Miche rive devan wa a, wa a di l' konsa: -Miche, èske se pou m' al atake lavil Ramòt nan peyi Galarad, osinon èske se pou n' kite sa? Miche reponn: -Ou mèt al atake Ramòt nan peyi Galarad. W'ap bon. Seyè a ap lage lavil la nan men ou.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
2Ch 18:14 When he came to the king, the king said to him, "Micaiah, shall we go to Ramoth-gilead to battle, or shall I refrain?" He said, "Go up and succeed, for they will be given into your hand."(NASB-1995)

================================================================================
---- 2 Chronicles 18:15----
2Ch 18:15 Men, Akab di li: -Konbe fwa pou m' di ou lè w'ap pale avè m' nan non Seyè a, se pou ou di m' laverite?(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
2Ch 18:15 Then the king said to him, "How many times must I adjure you to speak to me nothing but the truth in the name of the Lord?"(NASB-1995)

================================================================================
---- 2 Chronicles 18:16----
2Ch 18:16 Lè sa a, Miche reponn li: -Mwen te wè tout sòlda pèp Izrayèl yo gaye toupatou sou mòn yo, tankou yon bann mouton san gadò. Seyè a te di: Moun sa yo san chèf. Kite yo tounen lakay yo ak kè poze.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
2Ch 18:16 So he said, "I saw all Israel Scattered on the mountains, Like sheep which have no shepherd; And the Lord said,' These have no master. Let each of them return to his house in peace.'"(NASB-1995)

================================================================================
---- 2 Chronicles 18:17----
2Ch 18:17 Akab, wa peyi Izrayèl la, di Jozafa: -Mwen pa t' di ou li pa janm di anyen ki bon pou mwen. Li toujou wè malè pou mwen.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
2Ch 18:17 Then the king of Israel said to Jehoshaphat, "Did I not tell you that he would not prophesy good concerning me, but evil?"(NASB-1995)

================================================================================
---- 2 Chronicles 18:18----
2Ch 18:18 Miche pran lapawòl ankò, li di: -Bon! Koute mesaj Seyè a. Mwen te wè Seyè a chita sou fotèy li nan syèl la, avèk tout zanj li yo kanpe bò kote l', sou bò dwat ak sou bò gòch li.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
2Ch 18:18 Micaiah said, "Therefore, hear the word of the Lord. I saw the Lord sitting on His throne, and all the host of heaven standing on His right and on His left.(NASB-1995)

================================================================================
---- 2 Chronicles 18:19----
2Ch 18:19 Seyè a t'ap mande ki moun ki vle al pran tèt Akab pou li al fè yo touye l' lavil Ramòt. Gen zanj ki di yon bagay, gen lòt zanj ki di yon lòt bagay.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
2Ch 18:19 The Lord said, 'Who will entice Ahab king of Israel to go up and fall at Ramoth-gilead?' And one said this while another said that.(NASB-1995)

================================================================================
---- 2 Chronicles 18:20----
2Ch 18:20 Se lè sa a, yon lespri vanse devan Seyè a, li di: Mwen pral pran tet li.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
2Ch 18:20 Then a spirit came forward and stood before the Lord and said, 'I will entice him.' And the Lord said to him, 'How?'(NASB-1995)

================================================================================
---- 2 Chronicles 18:21----
2Ch 18:21 Seyè a mande l': Ki jan? Lespri a reponn: Mwen pral mete pawòl manti nan bouch pwofèt Akab yo. Seyè a di l': W'a pran tèt li vre konsa. Ou mèt al fè jan ou di a.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
2Ch 18:21 He said, 'I will go and be a deceiving spirit in the mouth of all his prophets.' Then He said, 'You are to entice him and prevail also. Go and do so.'(NASB-1995)

================================================================================
---- 2 Chronicles 18:22----
2Ch 18:22 Koulye a, ou konnen Seyè a te mete yon lespri mantò sou pwofèt ou yo pou yo ba ou manti, paske li pran desizyon pou l' fini avè ou.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
2Ch 18:22 Now therefore, behold, the Lord has put a deceiving spirit in the mouth of these your prophets, for the Lord has proclaimed disaster against you."(NASB-1995)

================================================================================
---- 2 Chronicles 18:23----
2Ch 18:23 Lè sa a, Sedesyas, pitit gason Kenana a, mache sou Miche, li flanke li yon souflèt. Epi li di l': -Depi kilè lespri Bondye a kite m' pou se nan bouch ou l'ap pale a?(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
2Ch 18:23 Then Zedekiah the son of Chenaanah came near and struck Micaiah on the cheek and said, "How did the Spirit of the Lord pass from me to speak to you?"(NASB-1995)

================================================================================
---- 2 Chronicles 18:24----
2Ch 18:24 Miche reponn li: -W'a konn sa lè w'a kouri pase sot nan yon chanm antre nan yon lòt pou al kache jouk nan fon.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
2Ch 18:24 Micaiah said, "Behold, you will see on that day when you enter an inner room to hide yourself."(NASB-1995)

================================================================================
---- 2 Chronicles 18:25----
2Ch 18:25 Se konsa wa Akab pase yon lòd, li di: -Arete Miche. Mennen l' bay Amon, gouvènè lavil la, ak Joas, pitit wa a.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
2Ch 18:25 Then the king of Israel said, "Take Micaiah and return him to Amon the governor of the city and to Joash the king's son;(NASB-1995)

================================================================================
---- 2 Chronicles 18:26----
2Ch 18:26 Di yo mwen bay lòd pou yo mete l' nan prizon, pou yo ba li renk pen ak dlo jouk m'a tounen soti nan lagè a san danje ak malè.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
2Ch 18:26 and say, 'Thus says the king, "Put this man in prison and feed him sparingly with bread and water until I return safely."'"(NASB-1995)

================================================================================
---- 2 Chronicles 18:27----
2Ch 18:27 Lè sa a, Miche di: -Si ou tounen soti nan lagè a san danje ni malè vre, w'a konnen Seyè a pa t' pale nan bouch mwen. Lèfini, li di: -Nou tout pèp yo, koute sa m' di la a wi.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
2Ch 18:27 Micaiah said, "If you indeed return safely, the Lord has not spoken by me." And he said, "Listen, all you people."(NASB-1995)

================================================================================
---- 2 Chronicles 18:28----
2Ch 18:28 Se konsa Akab, wa peyi Izrayèl la, ansanm ak Jozafa, wa peyi Jida a, moute al atake lavil Ramòt nan peyi Galarad.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
2Ch 18:28 So the king of Israel and Jehoshaphat king of Judah went up against Ramoth-gilead.(NASB-1995)

================================================================================
---- 2 Chronicles 18:29----
2Ch 18:29 Akab di Jozafa konsa: -Mwen pral mete yon lòt rad sou mwen anvan m al goumen an, pou moun pa rekonèt mwen. Ou men, ou mèt mete rad wa ou sou ou. Se konsa wa peyi Izrayèl la chanje rad sou li pou moun pa rekonèt li. Apre sa, li al goumen.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
2Ch 18:29 The king of Israel said to Jehoshaphat, "I will disguise myself and go into battle, but you put on your robes." So the king of Israel disguised himself, and they went into battle.(NASB-1995)

================================================================================
---- 2 Chronicles 18:30----
2Ch 18:30 Men, wa peyi Siri a te bay trannde chèf ki t'ap kòmande cha lagè yo lòd pou yo pa atake pesonn pase wa peyi Izrayèl la.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
2Ch 18:30 Now the king of Aram had commanded the captains of his chariots, saying, "Do not fight with small or great, but with the king of Israel alone."(NASB-1995)

================================================================================
---- 2 Chronicles 18:31----
2Ch 18:31 Se konsa, lè kòmandan cha lagè yo wè Jozafa, yo tout te konprann se li ki te wa peyi Izrayèl la. Yo vire sou li pou yo atake l'. Men, Jozafa rele anmwe. Bondye sèl mèt la vin pote l' sekou, li fè yo vire kite l'.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
2Ch 18:31 So when the captains of the chariots saw Jehoshaphat, they said, "It is the king of Israel," and they turned aside to fight against him. But Jehoshaphat cried out, and the Lord helped him, and God diverted them from him.(NASB-1995)

================================================================================
---- 2 Chronicles 18:32----
2Ch 18:32 Lè mesye yo wè se pa li menm ki te wa peyi Izrayèl la, yo rete sou sa yo te vle fè a.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
2Ch 18:32 When the captains of the chariots saw that it was not the king of Israel, they turned back from pursuing him.(NASB-1995)

================================================================================
---- 2 Chronicles 18:33----
2Ch 18:33 Lè sa a, yon sòlda peyi Siri rete konsa li voye yon flèch. Flèch la al pran Akab, wa Izrayèl la, nan fant rad lagè ki te sou li a. Wa a di sòlda ki t'ap mennen cha li a: -Kase tèt tounen. Annou kite batay la, paske mwen blese grav.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
2Ch 18:33 A certain man drew his bow at random and struck the king of Israel in a joint of the armor. So he said to the driver of the chariot, "Turn around and take me out of the fight, for I am severely wounded."(NASB-1995)

================================================================================
---- 2 Chronicles 18:34----
2Ch 18:34 Jou sa a, batay la te makònen anpil. Wa Akab menm te rete kanpe sou cha li a, l'ap gade moun peyi Siri yo jouk aswè. Lè solèy kouche li mouri.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
2Ch 18:34 The battle raged that day, and the king of Israel propped himself up in his chariot in front of the Arameans until the evening; and at sunset he died.(NASB-1995)

================================================================================
---- 2 Chronicles 19:1 ---- written 450-425 B.C.----


top of the page
THIS CHAPTER:    0385_14_2_Chronicles_18_ht-en.html

PREVIOUS CHAPTERS:
0381_14_2_Chronicles_14_ht-en.html
0382_14_2_Chronicles_15_ht-en.html
0383_14_2_Chronicles_16_ht-en.html
0384_14_2_Chronicles_17_ht-en.html

NEXT CHAPTERS:
0386_14_2_Chronicles_19_ht-en.html
0387_14_2_Chronicles_20_ht-en.html
0388_14_2_Chronicles_21_ht-en.html
0389_14_2_Chronicles_22_ht-en.html

links to all chapters (HT-EN-links.html)

The most accurate English translation NASB 1995: New American Standard Bible (1995 AD>
NKJV: New King James Version (1982 AD)
KJV: King James Version (1611 AD)
ASV: American Standard Version(1901 AD)
Geneva: Geneva Bible (1560 AD)
German - Luther's Die Heilige Schrift(1545 AD), based on the Textus Receptus, Vulgate and other sources
Latin: Vulgate (405 AD)
Hebrew: Masoretic OT and NT translation by Salkinson and C.D. Ginsburg
Greek-OT: The Septuagint (LXX)(132 BC) - translation into Greek from Hebrew by 70 Jewish scholars
Greek-NT: Nestle-Aland (120-200AD), oldest manuscripts used for the NASB and
Textus Receptus (1100-1200AD), a later version used by Luther and for the KJV


top of the page


NAVIGATION tools: --- TOP of page --- GRAMMAR: for 35 Languages --- BibleTech.net INDEX ---
STUDY: the BIBLE --- READ the Bible in ONE_YEAR! --- READ the Bible in the order written! ---

--- free study tools, maps and handouts --- free e-book PDF: BIBLE OVERVIEW and Summary ---

Today's Date:

"Scripture taken from NEW AMERICAN STANDARD BIBLE® 1995 edition,(NASB) Copyright © 1960-2022 by The Lockman Foundation. Used by permission."
"Scripture taken from the New King James Version®.(NKJV) Copyright © 1982 by Thomas Nelson. Used by permission. All rights reserved."