|
================================================================================ ---- Nehemiah 2:1 ---- written 445-425 B.C.---- Neh 2:1 Lè sa a, wa Atagzèsès te gen ventan depi li t'ap gouvènen, nou te nan mitan mwa Nisan. Jou sa a, se te tou pa m' pou m' te pote diven bay wa a. Mwen pran diven an, mwen pote l' ba li. Li pa t' janm konn wè m' parèt devan l' kagou.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Neh 2:1 And it came about in the month Nisan, in the twentieth year of King Artaxerxes, that wine was before him, and I took up the wine and gave it to the king. Now I had not been sad in his presence.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Nehemiah 2:2---- Neh 2:2 Epi li di m' konsa: -Ki jan figi ou fè rale konsa? Se pa malad ou malad? Kisa k'ap fè ou lapenn konsa? Lè sa a m'ap mande nan kè m' sa ki pral rive m'.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Neh 2:2 So the king said to me, "Why is your face sad though you are not sick? This is nothing but sadness of heart." Then I was very much afraid.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Nehemiah 2:3---- Neh 2:3 Mwen reponn li: -Mwen swete pou monwa viv lontan! Men, ki jan pou m' fè pa kagou lè lavil kote zansèt mwen yo antere a ap fin kraze, lè dife fin boule tout pòtay li yo?(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Neh 2:3 I said to the king, "Let the king live forever. Why should my face not be sad when the city, the place of my fathers' tombs, lies desolate and its gates have been consumed by fire?"(NASB-1995) ================================================================================ ---- Nehemiah 2:4---- Neh 2:4 Wa a di m' konsa: -Kisa ou ta renmen m' fè pou ou? Mwen lapriyè Bondye ki nan syèl la nan kè m'.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Neh 2:4 Then the king said to me, "What would you request?" So I prayed to the God of heaven.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Nehemiah 2:5---- Neh 2:5 Epi mwen reponn li: -Si sa fè monwa plezi, si ou kontan jan m'ap sèvi ou la, tanpri, kite m' ale nan peyi Jida, nan lavil kote zansèt mwen yo antere a, pou m' ka rebati l'.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Neh 2:5 I said to the king, "If it please the king, and if your servant has found favor before you, send me to Judah, to the city of my fathers' tombs, that I may rebuild it."(NASB-1995) ================================================================================ ---- Nehemiah 2:6---- Neh 2:6 Wa a te chita avèk larenn li bò kote l', li mande m': -Konbe tan vwayaj la pral pran ou? Kilè w'a tounen? Mwen di l' konbe tan sa ka pran m'. Epi li dakò pou l' kite m' ale.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Neh 2:6 Then the king said to me, the queen sitting beside him, "How long will your journey be, and when will you return?" So it pleased the king to send me, and I gave him a definite time.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Nehemiah 2:7---- Neh 2:7 Lè sa a, mwen di wa a: -Si sa fè monwa plezi, li ta fè ekri kèk lèt pou mwen pou gouvènè ki nan pwovens lòt bò larivyè Lefrat yo, pou yo ka kite m' pase jouk mwen rive nan peyi Jida.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Neh 2:7 And I said to the king, "If it please the king, let letters be given me for the governors of the provinces beyond the River, that they may allow me to pass through until I come to Judah,(NASB-1995) ================================================================================ ---- Nehemiah 2:8---- Neh 2:8 Li ta ban m' yon lèt tou pou Azaf, chèf ki reskonsab rakbwa leta yo, pou l' ka ban mwen bwa pou gwo pòtay fò k'ap pwoteje tanp lan, bwa pou ranpa lavil la ak bwa pou kay kote pou m' rete a. Wa a ban mwen tou sa mwen te mande l' paske Bondye te avèk mwen.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Neh 2:8 and a letter to Asaph the keeper of the king's forest, that he may give me timber to make beams for the gates of the fortress which is by the temple, for the wall of the city and for the house to which I will go." And the king granted them to me because the good hand of my God was on me.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Nehemiah 2:9---- Neh 2:9 Wa a te voye kèk ofisye nan lame a ak kèk kavalye pou ale avè m'. Se konsa, mwen pati pou pwovens ki lòt bò larivyè Lefrat la, mwen pase lakay tout gouvènè yo, mwen renmèt yo lèt wa a te ban mwen pou yo.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Neh 2:9 Then I came to the governors of the provinces beyond the River and gave them the king's letters. Now the king had sent with me officers of the army and horsemen.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Nehemiah 2:10---- Neh 2:10 Men, lè Sanbala, moun lavil Bèt-Owon, ak Tobija, yon moun peyi Amon ki t'ap travay nan gouvènman an, vin konnen te gen yon nonm ki te vin travay pou byen pèp Izrayèl la, sa te gate san yo anpil.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Neh 2:10 When Sanballat the Horonite and Tobiah the Ammonite official heard about it, it was very displeasing to them that someone had come to seek the welfare of the sons of Israel.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Nehemiah 2:11---- Neh 2:11 Lè m' rive lavil Jerizalèm, mwen kite twa jou pase anvan m' fè anyen.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Neh 2:11 So I came to Jerusalem and was there three days.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Nehemiah 2:12---- Neh 2:12 Apre sa, mwen leve nan mitan lannwit, mwen pran kèk moun pa m' avè m'. Mwen pati san m' pa di pesonn sa Bondye te ban m' lide fè pou lavil Jerizalèm. Sèl bèt nou te pran ak nou, se te bèt pou m' moute a.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Neh 2:12 And I arose in the night, I and a few men with me. I did not tell anyone what my God was putting into my mind to do for Jerusalem and there was no animal with me except the animal on which I was riding.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Nehemiah 2:13---- Neh 2:13 Li te fè nwa. Nou soti nan pòtay Ti Fon an ki sou bò lwès, nou vire desann nan direksyon sid, nou pase devan Fontenn Dragon an, ak devan pòtay Depotwa a. Sou tout wout la, mwen t'ap egzaminen eta ranpa lavil Jerizalèm lan, kote ki te gen twou ak pòtay dife te boule yo.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Neh 2:13 So I went out at night by the Valley Gate in the direction of the Dragon's Well and on to the Refuse Gate, inspecting the walls of Jerusalem which were broken down and its gates which were consumed by fire.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Nehemiah 2:14---- Neh 2:14 Mwen vanse pi devan, mwen vire sou bò nò. Mwen pase devan pòtay Fontenn lan ak Rezèvwa Wa a. Lè m' rive la, bèt mwen te moute a pa t' ka jwenn kote pou l' pase.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Neh 2:14 Then I passed on to the Fountain Gate and the King's Pool, but there was no place for my mount to pass.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Nehemiah 2:15---- Neh 2:15 Nan fènwa a, mwen pase nan ravin lan, mwen moute nan direksyon nò. Mwen t'ap egzaminen eta miray la byen. Apre sa, mwen kase tèt tounen sou menm chemen m' te pase a, mwen antre nan lavil la, nan pòtay Ti-Fon an.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Neh 2:15 So I went up at night by the ravine and inspected the wall. Then I entered the Valley Gate again and returned.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Nehemiah 2:16---- Neh 2:16 Pesonn nan chèf lavil yo pa t' konnen kote m' te ale ni sa m' te al fè. Lè sa a, mwen pa t' ankò di jwif yo anyen, ni prèt yo, ni chèf yo, ni majistra yo, ni ankenn lòt moun ki te reskonsab travay reparasyon yo.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Neh 2:16 The officials did not know where I had gone or what I had done; nor had I as yet told the Jews, the priests, the nobles, the officials or the rest who did the work.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Nehemiah 2:17---- Neh 2:17 Men lè sa a, mwen di yo: -Nou wè nan ki traka nou ye avèk lavil Jerizalèm k'ap fin kraze nan men nou avèk pòtay boule li yo. Vini non! Ann al rebati miray ranpa lavil la! Moun va sispann fè nou wont.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Neh 2:17 Then I said to them, "You see the bad situation we are in, that Jerusalem is desolate and its gates burned by fire. Come, let us rebuild the wall of Jerusalem so that we will no longer be a reproach."(NASB-1995) ================================================================================ ---- Nehemiah 2:18---- Neh 2:18 Lè sa a, mwen fè yo konnen ki jan Bondye te la avè m' pou pwoteje m' ak tou sa wa a te di m'. Yo reponn: -Bon. Annavan! Ann al rebati! Epi yo ranje kò yo pou mete men nan travay la.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Neh 2:18 I told them how the hand of my God had been favorable to me and also about the king's words which he had spoken to me. Then they said, "Let us arise and build." So they put their hands to the good work.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Nehemiah 2:19---- Neh 2:19 Men, lè Sanbala, moun lavil Bèt-Owon an, Tobija, moun Amon ki t'ap travay nan gouvènman an, ak Gechèm, arab la, vin pran nouvèl la, yo ri nou kont kò yo, epi yo pase nou nan kont betiz yo. Yo di nou: -Sa n'ap fè la a, mesye? Apa n'ap dezobeyi lòd wa a!(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Neh 2:19 But when Sanballat the Horonite and Tobiah the Ammonite official, and Geshem the Arab heard it, they mocked us and despised us and said, "What is this thing you are doing? Are you rebelling against the king?"(NASB-1995) ================================================================================ ---- Nehemiah 2:20---- Neh 2:20 Mwen reponn, mwen di yo: -Se Bondye nan syèl la k'ap fè nou reyisi nan sa nou vle fè a. Nou menm ki sèvitè Bondye, nou pral konmanse rebati l'. Men nou menm, moun lòt nasyon, nou pa gen ankenn dwa sou lavil Jerizalèm. Nou pa gen anyen pou nou wè nan sa. Pesonn pa janm nonmen non nou nan koze lavil Jerizalèm.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Neh 2:20 So I answered them and said to them, "The God of heaven will give us success; therefore we His servants will arise and build, but you have no portion, right or memorial in Jerusalem."(NASB-1995) ================================================================================ ---- Nehemiah 3:1 ---- written 445-425 B.C.---- |
|
THIS CHAPTER:
0415_16_Nehemiah_02_ht-en.html 0411_15_Ezra_08_ht-en.html 0412_15_Ezra_09_ht-en.html 0413_15_Ezra_10_ht-en.html 0414_16_Nehemiah_01_ht-en.html 0416_16_Nehemiah_03_ht-en.html 0417_16_Nehemiah_04_ht-en.html 0418_16_Nehemiah_05_ht-en.html 0419_16_Nehemiah_06_ht-en.html NKJV: New King James Version (1982 AD) KJV: King James Version (1611 AD) ASV: American Standard Version(1901 AD) Geneva: Geneva Bible (1560 AD) German - Luther's Die Heilige Schrift(1545 AD), based on the Textus Receptus, Vulgate and other sources Latin: Vulgate (405 AD) Hebrew: Masoretic OT and NT translation by Salkinson and C.D. Ginsburg Greek-OT: The Septuagint (LXX)(132 BC) - translation into Greek from Hebrew by 70 Jewish scholars Greek-NT: Nestle-Aland (120-200AD), oldest manuscripts used for the NASB and Textus Receptus (1100-1200AD), a later version used by Luther and for the KJV top of the page |
STUDY: the BIBLE --- READ the Bible in ONE_YEAR! --- READ the Bible in the order written! ---
--- free study tools, maps and handouts --- free e-book PDF: BIBLE OVERVIEW and Summary --- Today's Date:
|