Bibletech.net: index --- Read/Study the BIBLE: Learn to be THANKFUL, LOVE, Live by Faith, and FORGIVE others as you Trust in Jesus!

--- GRAMMAR and ABCs --- 35 languages, by name and ISO country code --- navigation tools for this page ---
The Bible by chapter: CREOLE and ENGLISH (NASB 1995)


Sos 8:14 "Hurry, my beloved, And be like a gazelle or a young stag On the mountains of spices."(NASB-1995)

================================================================================
---- Isaiah 1:1 ---- written 740-680 B.C. Pre-Exilic----
Isa 1:1 Men vizyon sou peyi Jida ak lavil Jerizalèm Bondye te fè Ezayi, pitit Amòz la, wè sou rèy wa Ozyas, wa Jotam, wa Akaz ak wa Ezekyas nan peyi Jida a.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Isa 1:1 The vision of Isaiah the son of Amoz concerning Judah and Jerusalem, which he saw during the reigns of Uzziah, Jotham, Ahaz and Hezekiah, kings of Judah.(NASB-1995)

================================================================================
---- Isaiah 1:2----
Isa 1:2 Seyè a di konsa: -Ou menm syèl la, koute! Ou menm latè, pare zòrèy ou! Paske mwen menm, Seyè a, mwen pral pale! Pitit mwen te okipe yo, pitit mwen te elve yo, men yo vire do ban mwen.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Isa 1:2 Listen, O heavens, and hear, O earth; For the Lord speaks, "Sons I have reared and brought up, But they have revolted against Me.(NASB-1995)

================================================================================
---- Isaiah 1:3----
Isa 1:3 Bèf ki bèf konnen mèt li. Bourik ki bourik konnen kote mèt li ba l' manje. Men, pèp Izrayèl la menm pa konn bagay konsa. Pèp mwen an pa konprann anyen.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Isa 1:3 "An ox knows its owner, And a donkey its master's manger, But Israel does not know, My people do not understand."(NASB-1995)

================================================================================
---- Isaiah 1:4----
Isa 1:4 Malè pou peyi nou an, kote tout moun ap viv nan peche! Malè pou pèp ki plen krim sou konsyans yo, pou ras moun sa yo k'ap fè sa ki mal, pou bann pitit sa yo ki fin pèvèti! Yo lage pye Bondye Seyè a! Yo pa okipe Bondye pèp Izrayèl la ki yon Bondye apa. Yo vire do ba li.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Isa 1:4 Alas, sinful nation, People weighed down with iniquity, Offspring of evildoers, Sons who act corruptly! They have abandoned the Lord, They have despised the Holy One of Israel, They have turned away from Him.(NASB-1995)

================================================================================
---- Isaiah 1:5----
Isa 1:5 Poukisa n'ap plede fè tèt di konsa? Pa gen kote ankò pou yo frape nou. Tout tèt la malad. Pa gen kò ankò pou sipòte.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Isa 1:5 Where will you be stricken again, As you continue in your rebellion? The whole head is sick And the whole heart is faint.(NASB-1995)

================================================================================
---- Isaiah 1:6----
Isa 1:6 Depi nan po tèt nou rive anba pla pye nou, nanpwen kote nan kò nou ki pa malad. Se blese, se foule, se san k'ap koule. Yo pa netwaye yo, yo pa mare anyen sou yo, yo pa mete medikaman sou yo pou kalme doulè yo.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Isa 1:6 From the sole of the foot even to the head There is nothing sound in it, Only bruises, welts and raw wounds, Not pressed out or bandaged, Nor softened with oil.(NASB-1995)

================================================================================
---- Isaiah 1:7----
Isa 1:7 Peyi nou an fini. Dife fin boule tout lavil nou yo ratè. Moun lòt nasyon yo piye tout jaden nou yo, l'a devan je nou. Yo fini ak tout bagay nan peyi a nèt. Yon sèl lafliksyon tonbe sou nou, tankou lè lènmi pase nan peyi a.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Isa 1:7 Your land is desolate, Your cities are burned with fire, Your fields--strangers are devouring them in your presence; It is desolation, as overthrown by strangers.(NASB-1995)

================================================================================
---- Isaiah 1:8----
Isa 1:8 Lavil Jerizalèm rete pou kont li sou do mòn Siyon an, tankou yon ti joupa, tankou yon ti tonèl nan mitan jaden. Lènmi sènen l' toupatou.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Isa 1:8 The daughter of Zion is left like a shelter in a vineyard, Like a watchman's hut in a cucumber field, like a besieged city.(NASB-1995)

================================================================================
---- Isaiah 1:9----
Isa 1:9 Si Seyè ki gen tout pouvwa a pa t' kite kèk moun nan nou chape, lavil la t'ap disparèt nèt tankou sa ki te rive lavil Sodòm ak lavil Gomò a.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Isa 1:9 Unless the Lord of hosts Had left us a few survivors, We would be like Sodom, We would be like Gomorrah.(NASB-1995)

================================================================================
---- Isaiah 1:10----
Isa 1:10 Lavil Jerizalèm sa a! Chèf li yo tankou chèf lavil Sodòm. Moun li yo tankou moun lavil Gomò. Nou tout ki la a, koute sa Seyè a ap di chèf lavil yo. Pare zòrèy nou pou nou tande lòd Bondye nou an ap bay moun Jerizalèm yo.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Isa 1:10 Hear the word of the Lord, You rulers of Sodom; Give ear to the instruction of our God, You people of Gomorrah.(NASB-1995)

================================================================================
---- Isaiah 1:11----
Isa 1:11 Li di yo: Sa pou m' fè ak pakèt bèt n'ap plede ofri pou touye pou mwen yo? Mwen bouke ak belye mouton n'ap boule sou lotèl la, ak grès towo n'ap ofri ban mwen yo. Kanta pou san bèf, san mouton ak san kabrit yo menm, mwen pa bezwen sa.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Isa 1:11 "What are your multiplied sacrifices to Me?" Says the Lord. "I have had enough of burnt offerings of rams And the fat of fed cattle; And I take no pleasure in the blood of bulls, lambs or goats.(NASB-1995)

================================================================================
---- Isaiah 1:12----
Isa 1:12 Lè n'ap vin fè sèvis pou mwen, ki moun ki mande nou pou nou fè tout ale vini sa yo nan lakou tanp mwen an?(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Isa 1:12 "When you come to appear before Me, Who requires of you this trampling of My courts?(NASB-1995)

================================================================================
---- Isaiah 1:13----
Isa 1:13 Nou mèt sispann fè bann ofrann sa yo ki p'ap sèvi nou anyen. Mwen pa ka sipòte lafimen lansan n'ap ofri m' lan. Mwen pa vle wè fèt lalin nouvèl nou yo, jou repo nou yo ak tout lòt reyinyon n'ap fè yo. M' pa ka sipòte fèt moun k'ap fè mechanste yo ap fè pou mwen.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Isa 1:13 "Bring your worthless offerings no longer, Incense is an abomination to Me. New moon and sabbath, the calling of assemblies-- I cannot endure iniquity and the solemn assembly.(NASB-1995)

================================================================================
---- Isaiah 1:14----
Isa 1:14 Mwen rayi fèt lalin nouvèl nou yo ak tout bèl seremoni n'ap plede fè yo. Se yon chay yo tounen pou mwen. Mwen pa ka sipòte yo ankò.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Isa 1:14 "I hate your new moon festivals and your appointed feasts, They have become a burden to Me; I am weary of bearing them.(NASB-1995)

================================================================================
---- Isaiah 1:15----
Isa 1:15 Lè n'ap leve bra nou anlè pou nou lapriyè nan pye m', m'ap bouche je m' pou m' pa wè nou. Nou mèt fè lapriyè sou lapriyè, mwen p'ap tande nou! Men nou plen san!(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Isa 1:15 "So when you spread out your hands in prayer, I will hide My eyes from you; Yes, even though you multiply prayers, I will not listen. Your hands are covered with blood.(NASB-1995)

================================================================================
---- Isaiah 1:16----
Isa 1:16 Manyè netwaye lavi nou non! Mete nou nan kondisyon pou fè sèvis pou mwen non! Sispann tout lenjistis mwen wè n'ap fè yo! Wi, sispann fè sa ki mal!(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Isa 1:16 "Wash yourselves, make yourselves clean; Remove the evil of your deeds from My sight. Cease to do evil,(NASB-1995)

================================================================================
---- Isaiah 1:17----
Isa 1:17 Manyè aprann fè sa ki byen! Chache fè sa ki dwat devan mwen! Pran defans moun y'ap kraze yo! Defann kòz timoun ki san papa ak fanm ki pèdi mari yo.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Isa 1:17 Learn to do good; Seek justice, Reprove the ruthless, Defend the orphan, Plead for the widow.(NASB-1995)

================================================================================
---- Isaiah 1:18----
Isa 1:18 Seyè a di konsa: -Nou mèt vini atò! Vini non! Ann regle koze a! Menm si peche nou yo ta tache wouj kou san sou tout kò nou, m'ap lave nou. M'ap fè nou vini blan kou koton. Nou te mèt tache wouj fonse, m'ap blanchi nou, m'ap fè nou blan kou lenn mouton.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Isa 1:18 "Come now, and let us reason together," Says the Lord, "Though your sins are as scarlet, They will be as white as snow; Though they are red like crimson, They will be like wool.(NASB-1995)

================================================================================
---- Isaiah 1:19----
Isa 1:19 Si nou dakò pou nou fè sa mwen di nou fè, n'a manje bèl rekòt peyi a va bay.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Isa 1:19 "If you consent and obey, You will eat the best of the land;(NASB-1995)

================================================================================
---- Isaiah 1:20----
Isa 1:20 Men, si nou derefize koute m', si nou rete ap fè tèt di toujou, nou tout gen pou n' mouri nan lagè. Se mwen menm, Seyè a, ki di sa ak bouch mwen.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Isa 1:20 "But if you refuse and rebel, You will be devoured by the sword." Truly, the mouth of the Lord has spoken.(NASB-1995)

================================================================================
---- Isaiah 1:21----
Isa 1:21 Yon lè, lavil Jerizalèm te renmen m' ak tout kè li. Koulye a, li tounen yon jennès! Yon lè, se moun ki mache dwat ase ki te rete ladan l', yo pa t' fè lenjistis. Koulye a se renk ansasen!(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Isa 1:21 How the faithful city has become a harlot, She who was full of justice! Righteousness once lodged in her, But now murderers.(NASB-1995)

================================================================================
---- Isaiah 1:22----
Isa 1:22 Lajan nou yo tounen labou, yo pa vo anyen! Bon diven nou yo tounen dlo!(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Isa 1:22 Your silver has become dross, Your drink diluted with water.(NASB-1995)

================================================================================
---- Isaiah 1:23----
Isa 1:23 Chèf nou yo leve vire do bay Bondye. Yo fè bann ak vòlò yo! Tout moun cho dèyè avantaj pa yo. Y'ap kouri dèyè moun k'ap bay lajan. Yo pa defann kòz moun ki san papa yo. Lè yon fanm san mari nan ka, yo pa gade l' menm.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Isa 1:23 Your rulers are rebels And companions of thieves; Everyone loves a bribe And chases after rewards. They do not defend the orphan, Nor does the widow's plea come before them.(NASB-1995)

================================================================================
---- Isaiah 1:24----
Isa 1:24 Se poutèt sa, koulye a, koute sa Seyè a, Bondye ki gen tout pouvwa a, Bondye pèp Izrayèl la, Bondye ki gen fòs kouraj la ap di: Nou se lènmi m'. Nou pa vle wè m'. Mwen pral pran revanj mwen. Mwen p'ap kite nou ban m' traka ankò.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Isa 1:24 Therefore the Lord God of hosts, The Mighty One of Israel, declares, "Ah, I will be relieved of My adversaries And avenge Myself on My foes.(NASB-1995)

================================================================================
---- Isaiah 1:25----
Isa 1:25 Mwen pral regle nou. Mwen pral netwaye nou nan dife, tankou lè y'ap netwaye fè. Mwen pral wete tout vye kras ki sou nou.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Isa 1:25 "I will also turn My hand against you, And will smelt away your dross as with lye And will remove all your alloy.(NASB-1995)

================================================================================
---- Isaiah 1:26----
Isa 1:26 Mwen pral ban nou chèf ak majistra tankou sa nou te konn genyen nan tan lontan yo. Lè sa a, y'a rele lavil Jerizalèm: lavil kote moun mache dwat la, lavil ki renmen m' ak tout kè li.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Isa 1:26 "Then I will restore your judges as at the first, And your counselors as at the beginning; After that you will be called the city of righteousness, A faithful city."(NASB-1995)

================================================================================
---- Isaiah 1:27----
Isa 1:27 Seyè a ap fè sa ki gen pou fèt. L'a sove lavil Jerizalèm. Seyè a ap rann jistis, l'a delivre moun Siyon ki va tounen vin jwenn li yo.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Isa 1:27 Zion will be redeemed with justice And her repentant ones with righteousness.(NASB-1995)

================================================================================
---- Isaiah 1:28----
Isa 1:28 Men, l'ap kraze sa k'ap fè sa ki mal yo ansanm ak sa k'ap viv nan peche yo. L'ap touye tou sa ki vire do bay Seyè a.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Isa 1:28 But transgressors and sinners will be crushed together, And those who forsake the Lord will come to an end.(NASB-1995)

================================================================================
---- Isaiah 1:29----
Isa 1:29 N'a wont akòz gwo pye bwadchenn repozwa nou te konn sèvi yo, akòz bèl jaden nou te plante pou zidòl yo.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Isa 1:29 Surely you will be ashamed of the oaks which you have desired, And you will be embarrassed at the gardens which you have chosen.(NASB-1995)

================================================================================
---- Isaiah 1:30----
Isa 1:30 N'ap tankou yon pye bwadchenn k'ap deperi, tankou yon jaden ki pa jwenn dlo.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Isa 1:30 For you will be like an oak whose leaf fades away Or as a garden that has no water.(NASB-1995)

================================================================================
---- Isaiah 1:31----
Isa 1:31 Menm jan yon ti tensèl mete dife nan yon pil fachin bwa chèch, se konsa sa gwonèg yo ap fè a ap tounen yon tizon dife nan dèyè yo. Pesonn p'ap ka fè anyen pou sove yo.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Isa 1:31 The strong man will become tinder, His work also a spark. Thus they shall both burn together And there will be none to quench them.(NASB-1995)

================================================================================
---- Isaiah 2:1 ---- written 740-680 B.C. Pre-Exilic----


top of the page
THIS CHAPTER:    0680_23_Isaiah_01_ht-en.html

PREVIOUS CHAPTERS:
0676_22_Song_of_Solomon_05_ht-en.html
0677_22_Song_of_Solomon_06_ht-en.html
0678_22_Song_of_Solomon_07_ht-en.html
0679_22_Song_of_Solomon_08_ht-en.html

NEXT CHAPTERS:
0681_23_Isaiah_02_ht-en.html
0682_23_Isaiah_03_ht-en.html
0683_23_Isaiah_04_ht-en.html
0684_23_Isaiah_05_ht-en.html

links to all chapters (HT-EN-links.html)

The most accurate English translation NASB 1995: New American Standard Bible (1995 AD>
NKJV: New King James Version (1982 AD)
KJV: King James Version (1611 AD)
ASV: American Standard Version(1901 AD)
Geneva: Geneva Bible (1560 AD)
German - Luther's Die Heilige Schrift(1545 AD), based on the Textus Receptus, Vulgate and other sources
Latin: Vulgate (405 AD)
Hebrew: Masoretic OT and NT translation by Salkinson and C.D. Ginsburg
Greek-OT: The Septuagint (LXX)(132 BC) - translation into Greek from Hebrew by 70 Jewish scholars
Greek-NT: Nestle-Aland (120-200AD), oldest manuscripts used for the NASB and
Textus Receptus (1100-1200AD), a later version used by Luther and for the KJV


top of the page


NAVIGATION tools: --- TOP of page --- GRAMMAR: for 35 Languages --- BibleTech.net INDEX ---
STUDY: the BIBLE --- READ the Bible in ONE_YEAR! --- READ the Bible in the order written! ---

--- free study tools, maps and handouts --- free e-book PDF: BIBLE OVERVIEW and Summary ---

Today's Date:

"Scripture taken from NEW AMERICAN STANDARD BIBLE® 1995 edition,(NASB) Copyright © 1960-2022 by The Lockman Foundation. Used by permission."
"Scripture taken from the New King James Version®.(NKJV) Copyright © 1982 by Thomas Nelson. Used by permission. All rights reserved."