|
================================================================================ ---- Isaiah 49:1 ---- written 740-680 B.C. Pre-Exilic---- Isa 49:1 Nou menm ki rete nan zile yo, koute sa m'ap di nou! Nou menm ki rete byen lwen yo, pare zòrèy nou! Depi m' fèt, Seyè a chwazi m'! Depi nan vant manman m', li rele m' pou m' sèvi l'.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Isa 49:1 Listen to Me, O islands, And pay attention, you peoples from afar. The Lord called Me from the womb; From the body of My mother He named Me.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Isaiah 49:2---- Isa 49:2 Li mete nan bouch mwen pawòl ki tankou kouto byen file. Li pwoteje m' avèk fòs li. Li pare m' tankou yon flèch byen pwenti, li sere m' nan sakit li.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Isa 49:2 He has made My mouth like a sharp sword, In the shadow of His hand He has concealed Me; And He has also made Me a select arrow, He has hidden Me in His quiver.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Isaiah 49:3---- Isa 49:3 Li di m': Izrayèl, se sèvitè m' ou ye! W'ap sèvi yon lwanj pou mwen!(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Isa 49:3 He said to Me, "You are My Servant, Israel, In Whom I will show My glory."(NASB-1995) ================================================================================ ---- Isaiah 49:4---- Isa 49:4 Mwen menm, mwen t'ap di nan kè m': Se pou dan ri m'ap fatige kò m'. Se pou gremesi mwen travay jouk mwen fèb. Men, m'ap toujou gen konfyans: Seyè a va ban m' rezon. Rekonpans mwen la byen sere nan men Seyè a.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Isa 49:4 But I said, "I have toiled in vain, I have spent My strength for nothing and vanity; Yet surely the justice due to Me is with the Lord, And My reward with My God."(NASB-1995) ================================================================================ ---- Isaiah 49:5---- Isa 49:5 Se Seyè a menm ki chwazi m' depi m' fèt pou m' sèvi l', pou m' fè fanmi Jakòb la tounen vin jwenn li, pou m' sanble pèp Izrayèl la mennen ba li. Seyè a ban m' bèl pozisyon sa a. Se li ki tout fòs mwen.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Isa 49:5 And now says the Lord, who formed Me from the womb to be His Servant, To bring Jacob back to Him, so that Israel might be gathered to Him (For I am honored in the sight of the Lord, And My God is My strength),(NASB-1995) ================================================================================ ---- Isaiah 49:6---- Isa 49:6 Seyè a di m' konsa: Wi, sèvitè m' lan va fè fanmi Jakòb la kanpe ankò. L'a fè ti rès pèp Izrayèl yo te depòte a tounen lakay yo. Men, se poko sa toujou. M'ap fè li sèvi tankou yon limyè pou lòt nasyon yo, pou dènye moun sou latè ka konnen ki jan mwen menm mwen delivre!(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Isa 49:6 He says, "It is too small a thing that You should be My Servant To raise up the tribes of Jacob and to restore the preserved ones of Israel; I will also make You a light of the nations So that My salvation may reach to the end of the earth."(NASB-1995) ================================================================================ ---- Isaiah 49:7---- Isa 49:7 Bondye pèp Izrayèl la ki yon Bondye apa, Seyè k'ap delivre yo a, l'ap pale ak pèp tout moun ap meprize a, pèp nasyon yo pa vle wè a, pèp ki esklav chèf k'ap gouvènen yo a. Li di yo: Wa va leve kanpe lè y'a wè ou. Chèf va ajenou devan ou. Y'a fè sa poutèt Seyè a k'ap toujou kenbe pawòl li, poutèt Bondye pèp Izrayèl la ki te chwazi ou.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Isa 49:7 Thus says the Lord, the Redeemer of Israel and its Holy One, To the despised One, To the One abhorred by the nation, To the Servant of rulers, "Kings will see and arise, Princes will also bow down, Because of the Lord who is faithful, the Holy One of Israel who has chosen You."(NASB-1995) ================================================================================ ---- Isaiah 49:8---- Isa 49:8 Men sa Seyè a di pèp li a: -Lè lè a va rive pou m' fè ou gras, m'a reponn ou. Lè jou a va rive pou m' delivre ou, m'a pote ou sekou. Se mwen ki te fè ou, se mwen ki te chwazi ou pou ou siyen yon kontra ak tout pèp yo. M'a fè peyi a kanpe ankò. N'a tounen viv nan peyi yo te ban nou an, peyi yo te devaste a.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Isa 49:8 Thus says the Lord, "In a favorable time I have answered You, And in a day of salvation I have helped You; And I will keep You and give You for a covenant of the people, To restore the land, to make them inherit the desolate heritages;(NASB-1995) ================================================================================ ---- Isaiah 49:9---- Isa 49:9 M'a di prizonye yo al lakay nou! M'a di moun ki te chita nan fènwa yo: Soti vin nan limyè a. Sou tout wout yo, y'a jwenn manje pou yo manje. Tankou mouton, y'a jwenn manje sou tout ti mòn.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Isa 49:9 Saying to those who are bound, 'Go forth, 'To those who are in darkness, 'Show yourselves.'Along the roads they will feed, And their pasture will be on all bare heights.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Isaiah 49:10---- Isa 49:10 Yo p'ap janm grangou, yo p'ap janm swaf dlo. Chalè solèy ak van dezè p'ap fè yo anyen. Paske se moun ki renmen yo a k'ap kondi yo. L'a mennen yo kote ki gen sous dlo.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Isa 49:10 "They will not hunger or thirst, Nor will the scorching heat or sun strike them down; For He who has compassion on them will lead them And will guide them to springs of water.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Isaiah 49:11---- Isa 49:11 M'a louvri yon bèl chemen nan mòn yo. M'a pare wout sou tout mòn yo pou pèp la.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Isa 49:11 "I will make all My mountains a road, And My highways will be raised up.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Isaiah 49:12---- Isa 49:12 Gen ladan yo k'ap soti byen lwen. Gen sa k'ap soti nan nò. Gen sa k'ap soti bò solèy kouche. Gen lòt k'ap soti lavil Sinim nan sid.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Isa 49:12 "Behold, these will come from afar; And lo, these will come from the north and from the west, And these from the land of Sinim."(NASB-1995) ================================================================================ ---- Isaiah 49:13---- Isa 49:13 Se pou syèl la kontan! Se pou tè a fè fèt! Se pou mòn yo rele tèlman yo kontan! Paske Seyè a pral bay pèp li a kouraj, l'ap gen pitye pou pèp li a ki nan lapenn.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Isa 49:13 Shout for joy, O heavens! And rejoice, O earth! Break forth into joyful shouting, O mountains! For the Lord has comforted His people And will have compassion on His afflicted.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Isaiah 49:14---- Isa 49:14 Men, pèp lavil Jerizalèm lan t'ap di: -Seyè a lage nou. Mèt la bliye nou.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Isa 49:14 But Zion said, "The Lord has forsaken me, And the Lord has forgotten me."(NASB-1995) ================================================================================ ---- Isaiah 49:15---- Isa 49:15 Seyè a reponn: -Eske yon manman ka bliye pitit l'ap bay tete a? Eske li ka pa sansib pou pitit li pote nan vant li a? Menm si yon manman ta rive bliye pitit li, mwen menm, mwen p'ap janm bliye nou!(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Isa 49:15 "Can a woman forget her nursing child And have no compassion on the son of her womb? Even these may forget, but I will not forget you.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Isaiah 49:16---- Isa 49:16 Mwen ekri non nou nan pla men m'. Mwen toujou wè miray nou yo devan je m'.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Isa 49:16 "Behold, I have inscribed you on the palms of My hands; Your walls are continually before Me.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Isaiah 49:17---- Isa 49:17 Moun ki pral rebati lavil la ap vin talè konsa. Moun ki t'ap kraze nou yo, ki t'ap piye nou yo, pral kouri met deyò.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Isa 49:17 "Your builders hurry; Your destroyers and devastators Will depart from you.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Isaiah 49:18---- Isa 49:18 Voye je nou toupatou. Gade sa k'ap pase. Tout moun nou yo ap sanble, y'ap vin jwenn nou. Jan nou konnen mwen vivan an, mwen fè sèman: Nou pral kontan wè yo lakay nou, tankou lè lamarye kontan wè bèl rad nòs li sou li. Se Seyè a menm ki di sa.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Isa 49:18 "Lift up your eyes and look around; All of them gather together, they come to you. As I live," declares the Lord, "You will surely put on all of them as jewels and bind them on as a bride.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Isaiah 49:19---- Isa 49:19 Peyi nou an te fin kraze. Peyi a te fin ravaje. Men, koulye a li pral twò piti pou kantite moun k'ap rete ladan l'. Paske moun ki t'ap fini ak peyi a, yo pral voye yo jete byen lwen nou.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Isa 49:19 "For your waste and desolate places and your destroyed land" Surely now you will be too cramped for the inhabitants, And those who swallowed you will be far away.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Isaiah 49:20---- Isa 49:20 Yon lè, pitit nou te kwè ki te pèdi nèt yo, n'a tande yo ap pale nan zòrèy nou, y'a di nou: Peyi a twò piti pou nou. Ban nou kote pou nou rete.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Isa 49:20 "The children of whom you were bereaved will yet say in your ears, 'The place is too cramped for me; Make room for me that I may live here.'(NASB-1995) ================================================================================ ---- Isaiah 49:21---- Isa 49:21 Lè sa a, n'a di nan kè nou! -Kilès ki te fè tout pitit sa yo pou nou? Nou te pèdi tout pitit nou yo. Nou pa t' kapab fè pitit ankò. Yo te depòte nou, yo te vire do ban nou. Ki moun ki te elve tout pitit sa yo pou nou? Nou te pou kò nou. Kote yo soti menm?(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Isa 49:21 "Then you will say in your heart, 'Who has begotten these for me, Since I have been bereaved of my children And am barren, an exile and a wanderer? And who has reared these? Behold, I was left alone; From where did these come?'"(NASB-1995) ================================================================================ ---- Isaiah 49:22---- Isa 49:22 Men sa Seyè a, Bondye a, di ankò: M'ap fè nasyon yo siyon ak men m'. M'ap leve drapo m' pou m' avèti pèp yo. Se yo menm ankò ki pral pran pitit gason nou yo sou do yo, k'ap mete pitit fi nou yo sou zepòl yo pou mennen yo tounen lakay nou.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Isa 49:22 Thus says the Lord God, "Behold, I will lift up My hand to the nations And set up My standard to the peoples; And they will bring your sons in their bosom, And your daughters will be carried on their shoulders.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Isaiah 49:23---- Isa 49:23 Wa yo pral tankou papa pou nou. Pitit fi wa yo pral sèvi nou nouris. Y'ap ajenou devan nou, y'ap bese tèt yo jouk atè, Y'a niche pousyè ki nan pye nou. Lè sa a, n'a konnen se mwen menm ki Seyè a. Moun ki mete tout espwa yo nan mwen p'ap janm wont.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Isa 49:23 "Kings will be your guardians, And their princesses your nurses. They will bow down to you with their faces to the earth And lick the dust of your feet; And you will know that I am the Lord; Those who hopefully wait for Me will not be put to shame.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Isaiah 49:24---- Isa 49:24 Eske ou ka wete nan men yon vanyan gason bagay li pran nan lagè? Eske ou ka lage prizonye ki anba men gwo chèf?(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Isa 49:24 "Can the prey be taken from the mighty man, Or the captives of a tyrant be rescued?"(NASB-1995) ================================================================================ ---- Isaiah 49:25---- Isa 49:25 Men sa Seyè a reponn: Wi! Yo ka wete nan men yon vanyan sòlda sa li pran nan lagè. Yo ka lage prizonye ki anba men yon gwo chèf. M'ap goumen pou nou ak tout moun k'ap fè nou lagè. M'a delivre pitit nou yo.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Isa 49:25 Surely, thus says the Lord, "Even the captives of the mighty man will be taken away, And the prey of the tyrant will be rescued; For I will contend with the one who contends with you, And I will save your sons.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Isaiah 49:26---- Isa 49:26 Moun k'ap fè nou pase tray yo, m'ap fè yo yonn manje lòt. Y'ap bwè pwòp san yo jouk y'a sou tankou moun ki bwè diven. Lè sa a, tout moun va konnen se mwen menm, Seyè a, k'ap sove nou. Se mwen menm, Bondye fanmi Jakòb la, Bondye ki gen pouvwa a, k'ap delivre nou.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Isa 49:26 "I will feed your oppressors with their own flesh, And they will become drunk with their own blood as with sweet wine; And all flesh will know that I, the Lord, am your Savior And your Redeemer, the Mighty One of Jacob."(NASB-1995) ================================================================================ ---- Isaiah 50:1 ---- written 740-680 B.C. Pre-Exilic---- |
|
THIS CHAPTER:
0728_23_Isaiah_49_ht-en.html 0724_23_Isaiah_45_ht-en.html 0725_23_Isaiah_46_ht-en.html 0726_23_Isaiah_47_ht-en.html 0727_23_Isaiah_48_ht-en.html 0729_23_Isaiah_50_ht-en.html 0730_23_Isaiah_51_ht-en.html 0731_23_Isaiah_52_ht-en.html 0732_23_Isaiah_53_ht-en.html NKJV: New King James Version (1982 AD) KJV: King James Version (1611 AD) ASV: American Standard Version(1901 AD) Geneva: Geneva Bible (1560 AD) German - Luther's Die Heilige Schrift(1545 AD), based on the Textus Receptus, Vulgate and other sources Latin: Vulgate (405 AD) Hebrew: Masoretic OT and NT translation by Salkinson and C.D. Ginsburg Greek-OT: The Septuagint (LXX)(132 BC) - translation into Greek from Hebrew by 70 Jewish scholars Greek-NT: Nestle-Aland (120-200AD), oldest manuscripts used for the NASB and Textus Receptus (1100-1200AD), a later version used by Luther and for the KJV top of the page |
STUDY: the BIBLE --- READ the Bible in ONE_YEAR! --- READ the Bible in the order written! ---
--- free study tools, maps and handouts --- free e-book PDF: BIBLE OVERVIEW and Summary --- Today's Date:
|