|
================================================================================ ---- Isaiah 57:1 ---- written 740-680 B.C. Pre-Exilic---- Isa 57:1 Moun k'ap mache dwat yo ap fin mouri nan peyi a, sa pa fè pesonn anyen. Moun k'ap sèvi Bondye ak tout kè yo ap fin disparèt, pesonn pa wè sa. Mechanste fè moun k'ap mache dwat yo disparèt.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Isa 57:1 The righteous man perishes, and no man takes it to heart; And devout men are taken away, while no one understands. For the righteous man is taken away from evil,(NASB-1995) ================================================================================ ---- Isaiah 57:2---- Isa 57:2 Moun ki t'ap mache dwat yo ale kote yo jwenn kè poze, yo kouche nan tonm yo.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Isa 57:2 He enters into peace; They rest in their beds, Each one who walked in his upright way.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Isaiah 57:3---- Isa 57:3 Nou menm ki p'ap fè anyen san konsilte zetwal, pwoche vini! Se yon bann moun ki vire do bay Bondye nou ye. N'ap sèvi zidòl, nou tankou moun k'ap fè adiltè, k'ap viv nan dezòd.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Isa 57:3 "But come here, you sons of a sorceress, Offspring of an adulterer and a prostitute.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Isaiah 57:4---- Isa 57:4 Ki moun n'ap pase nan betiz la a? Ki moun n'ap pale mal konsa? Sou ki moun n'ap fè grimas konsa? Se yon bann moun ki pa janm kenbe pawòl yo, yon bann moun k'ap bay manti nou ye.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Isa 57:4 "Against whom do you jest? Against whom do you open wide your mouth And stick out your tongue? Are you not children of rebellion, Offspring of deceit,(NASB-1995) ================================================================================ ---- Isaiah 57:5---- Isa 57:5 N'ap fè sèvis pou zidòl nan jaden nou. Nou kouche ak fanm anba pye bwadchenn, anba tout raje. Nou bay timoun nou pou yo touye pou zidòl yo nan twou wòch nan bafon yo.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Isa 57:5 Who inflame yourselves among the oaks, Under every luxuriant tree, Who slaughter the children in the ravines, Under the clefts of the crags?(NASB-1995) ================================================================================ ---- Isaiah 57:6---- Isa 57:6 Nou pran kèk gwo wòch galèt nan ravin yo sèvi nou Bondye. Se yo ki tout nou. Nou fè ofrann grenn jaden ak ofrann diven pou yo vide sou yo. Nou konprann bagay konsa ka fè m' plezi!(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Isa 57:6 "Among the smooth stones of the ravine Is your portion, they are your lot; Even to them you have poured out a drink offering, You have made a grain offering. Shall I relent concerning these things?(NASB-1995) ================================================================================ ---- Isaiah 57:7---- Isa 57:7 Nou moute sou yon gwo mòn byen wo pou n' al kouche ak fanm, pou n' al touye bèt nou ofri bay zidòl yo.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Isa 57:7 "Upon a high and lofty mountain You have made your bed. You also went up there to offer sacrifice.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Isaiah 57:8---- Isa 57:8 Nou mete wòch zidòl nou yo dèyè pòtay nou, nan papòt lakay nou. Nou vire do ban mwen, nou mete nou toutouni, nou moute sou gwo kabann byen laj nou, nou kouche ak medam, chwal zidòl yo, nou peye pou sa. Nou pran kont plezi nou ak je nou kole sou wòch zidòl yo.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Isa 57:8 "Behind the door and the doorpost You have set up your sign; Indeed, far removed from Me, you have uncovered yourself, And have gone up and made your bed wide. And you have made an agreement for yourself with them, You have loved their bed, You have looked on their manhood.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Isaiah 57:9---- Isa 57:9 Nou mete odè sou nou, nou pati al fè sèvis pou Molòk. Nou mete tout kalite odè sou nou. Nou voye mesaje byen lwen al chache zidòl pou nou. Nou voye yo jouk nan peyi kote mò yo ye a.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Isa 57:9 "You have journeyed to the king with oil And increased your perfumes; You have sent your envoys a great distance And made them go down to Sheol.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Isaiah 57:10---- Isa 57:10 Nou fatige kò nou ap vwayaje, men nou pa janm kite! Nou mete nan tèt nou zidòl yo ap ban nou fòs pou nou pa janm bouke.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Isa 57:10 "You were tired out by the length of your road, Yet you did not say, 'It is hopeless.'You found renewed strength, Therefore you did not faint.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Isaiah 57:11---- Isa 57:11 Seyè a di: Kilès bondye sa yo ki t'ap ban nou kè sote, ki t'ap fè nou pè konsa, kifè ou bay tout manti sa yo? Kilès sa a ki fè nou bliye m' konsa? Nou pa chonje reve m'. Eske se paske mwen rete mwen pa di anyen kifè nou sispann gen krentif pou mwen?(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Isa 57:11 "Of whom were you worried and fearful When you lied, and did not remember Me Nor give Me a thought? Was I not silent even for a long time So you do not fear Me?(NASB-1995) ================================================================================ ---- Isaiah 57:12---- Isa 57:12 M'ap denonse tou sa n'ap plede fè pou sove tèt nou. Nou kwè l'ap bon pou nou, men sa p'ap sèvi nou anyen.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Isa 57:12 "I will declare your righteousness and your deeds, But they will not profit you.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Isaiah 57:13---- Isa 57:13 Lè n'a rele mande sekou, se pou tout zidòl nou yo vin sove nou si yo kapab! Yon senp ti van ap pote yo ale, yon ti briz van ap pati ak yo. Men, moun ki mete konfyans yo nan mwen va rete nan peyi a, y'a rete sou mòn ki apa pou mwen an.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Isa 57:13 "When you cry out, let your collection of idols deliver you. But the wind will carry all of them up, And a breath will take them away. But he who takes refuge in Me will inherit the land And will possess My holy mountain."(NASB-1995) ================================================================================ ---- Isaiah 57:14---- Isa 57:14 Lè sa a, Seyè a di: -Pare wout la pou pèp la tounen vin jwenn mwen. Mete ranblè. Wete tout bagay k'ap bare wout la devan pèp mwen an.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Isa 57:14 And it will be said, "Build up, build up, prepare the way, Remove every obstacle out of the way of My people."(NASB-1995) ================================================================================ ---- Isaiah 57:15---- Isa 57:15 Se mwen menm Bondye ki anwo nèt nan syèl la, Bondye ki la pou tout tan an, Bondye ki apa nèt la. Men sa mwen di: mwen rete yon kote ki anwo nèt, yon kote ki apa pou mwen nèt. Men mwen kanpe la avèk moun ki soumèt yo devan m', avèk moun ki gen lapenn tout bon pou sa yo fè ki mal, pou m' ka remoute kouraj yo, pou m' ba yo konfyans ankò.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Isa 57:15 For thus says the high and exalted One Who lives forever, whose name is Holy," I dwell on a high and holy place, And also with the contrite and lowly of spirit In order to revive the spirit of the lowly And to revive the heart of the contrite.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Isaiah 57:16---- Isa 57:16 Mwen pa vle nan diskit tout tan ak yo, mwen pa vle rete ankòlè tout tan pou moun mwen bay lavi yo pa pèdi kouraj.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Isa 57:16 "For I will not contend forever, Nor will I always be angry; For the spirit would grow faint before Me, And the breath of those whom I have made.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Isaiah 57:17---- Isa 57:17 Wi, mwen te fache anpil sou yo paske yo te gen move lanvi nan kè yo. Mwen te fè kòlè, mwen te pini yo, mwen te lage yo, paske yo t'ap fè tèt di, yo t'ap fè sa yo pi pito.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Isa 57:17 "Because of the iniquity of his unjust gain I was angry and struck him; I hid My face and was angry, And he went on turning away, in the way of his heart.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Isaiah 57:18---- Isa 57:18 Mwen te wè tou sa yo t'ap fè, men m'ap geri yo. Mwen pral pran men yo pou m' mennen yo sou bon chemen an. M'a remoute kouraj sa ki nan lapenn yo.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Isa 57:18 "I have seen his ways, but I will heal him; I will lead him and restore comfort to him and to his mourners,(NASB-1995) ================================================================================ ---- Isaiah 57:19---- Isa 57:19 M'a di yo: Kè poze pou nou tout ki lwen, kè poze pou nou tout ki pre. M'a mete lwanj nan bouch yo, m'ap ba yo tout kè poze, m'ap geri yo.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Isa 57:19 Creating the praise of the lips. Peace, peace to him who is far and to him who is near," Says the Lord,"and I will heal him."(NASB-1995) ================================================================================ ---- Isaiah 57:20---- Isa 57:20 Men, mechan yo tankou lanmè ki boulvèse. Lanm lanmè yo ap bat san rete, y'ap jete kras ak labou sou rivaj la.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Isa 57:20 But the wicked are like the tossing sea, For it cannot be quiet, And its waters toss up refuse and mud.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Isaiah 57:21---- Isa 57:21 Bondye mwen an di: Pa gen kè poze pou mechan yo.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Isa 57:21 "There is no peace," says my God,"for the wicked."(NASB-1995) ================================================================================ ---- Isaiah 58:1 ---- written 740-680 B.C. Pre-Exilic---- |
|
THIS CHAPTER:
0736_23_Isaiah_57_ht-en.html 0732_23_Isaiah_53_ht-en.html 0733_23_Isaiah_54_ht-en.html 0734_23_Isaiah_55_ht-en.html 0735_23_Isaiah_56_ht-en.html 0737_23_Isaiah_58_ht-en.html 0738_23_Isaiah_59_ht-en.html 0739_23_Isaiah_60_ht-en.html 0740_23_Isaiah_61_ht-en.html NKJV: New King James Version (1982 AD) KJV: King James Version (1611 AD) ASV: American Standard Version(1901 AD) Geneva: Geneva Bible (1560 AD) German - Luther's Die Heilige Schrift(1545 AD), based on the Textus Receptus, Vulgate and other sources Latin: Vulgate (405 AD) Hebrew: Masoretic OT and NT translation by Salkinson and C.D. Ginsburg Greek-OT: The Septuagint (LXX)(132 BC) - translation into Greek from Hebrew by 70 Jewish scholars Greek-NT: Nestle-Aland (120-200AD), oldest manuscripts used for the NASB and Textus Receptus (1100-1200AD), a later version used by Luther and for the KJV top of the page |
STUDY: the BIBLE --- READ the Bible in ONE_YEAR! --- READ the Bible in the order written! ---
--- free study tools, maps and handouts --- free e-book PDF: BIBLE OVERVIEW and Summary --- Today's Date:
|