|
================================================================================ ---- Ezekiel 7:1 ---- written 592-570 B.C. Exilic---- Eze 7:1 Seyè a pale avè m' ankò, li di m' konsa:(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 7:1 Moreover, the word of the Lord came to me saying,(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 7:2---- Eze 7:2 -Nonm o! Men mesaj mwen menm Seyè a, Bondye sèl Mèt la, mwen bay pou peyi Izrayèl la: Fini! Se fini tout peyi a nèt pral fini.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 7:2 "And you, son of man, thus says the Lord God to the land of Israel, 'An end! The end is coming on the four corners of the land.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 7:3---- Eze 7:3 Koulye a, sa fini nèt pou nou! Mwen pral move sou nou, paske mwen pral pini nou pou tou sa nou fè. Mwen pral fè nou peye pou tout vye bagay derespektan n'ap plede fè devan je mwen.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 7:3 Now the end is upon you, and I will send My anger against you; I will judge you according to your ways and bring all your abominations upon you.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 7:4---- Eze 7:4 Mwen p'ap gen pitye pou nou. Mwen p'ap fè pa nou. Mwen pral fè nou peye pou tou sa nou fè. Mwen pral regle nou pou tout vye bagay derespektan n'ap plede fè devan je m' yo. Konsa n'a konnen se mwen menm ki Seyè a.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 7:4 For My eye will have no pity on you, nor will I spare you, but I will bring your ways upon you, and your abominations will be among you; then you will know that I am the Lord!'(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 7:5---- Eze 7:5 Men sa Seyè a, Bondye sèl Mèt la, di ankò: -Malè sou malè pral tonbe sou nou.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 7:5 "Thus says the Lord God, 'A disaster, unique disaster, behold it is coming!(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 7:6---- Eze 7:6 Lè a fin rive! Nou pa lwen fini nèt! Dènye jou nou yo pa lwen rive.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 7:6 An end is coming; the end has come! It has awakened against you; behold, it has come!(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 7:7---- Eze 7:7 Sa pral fini nèt pou nou tout ki rete nan peyi a. Lè a ap pwoche, jou a pa lwen ankò lè p'ap gen kè kontan sou mòn yo. Se pral yon gwo kouri.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 7:7 Your doom has come to you, O inhabitant of the land. The time has come, the day is near--tumult rather than joyful shouting on the mountains.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 7:8---- Eze 7:8 Koulye a, talè konsa, mwen pral fè nou santi jan m' ka move. Mwen pral move sou nou jouk mwen p'ap kapab ankò. Mwen pral pini nou pou tou sa nou fè. M'ap fè nou peye pou tout vye bagay derespektan n'ap plede fè devan je m' yo.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 7:8 Now I will shortly pour out My wrath on you and spend My anger against you; judge you according to your ways and bring on you all your abominations.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 7:9---- Eze 7:9 Mwen p'ap gen pitye pou nou, mwen p'ap fè pa nou. Mwen pral fè nou peye pou tou sa nou fè. Mwen pral regle nou pou tout vye bagay derespektan n'ap plede fè devan je m' yo. Lè sa a, n'a konnen se mwen menm Seyè a k'ap pini nou.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 7:9 My eye will show no pity nor will I spare. I will repay you according to your ways, while your abominations are in your midst; then you will know that I, the Lord, do the smiting.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 7:10---- Eze 7:10 Men jou malè a rive sou nou. Nou pral fini nèt! Baton nan dèyè nou! Lwijanboje yo toupatou!(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 7:10 'Behold, the day! Behold, it is coming! Your doom has gone forth; the rod has budded, arrogance has blossomed.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 7:11---- Eze 7:11 Mechan yo ap pran baton pou kraze brize. Anyen p'ap rete nan richès nou yo, nan bèl bagay nou yo ak nan gwo pouvwa nou yo.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 7:11 Violence has grown into a rod of wickedness. None of them shall remain, none of their people, none of their wealth, nor anything eminent among them.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 7:12---- Eze 7:12 Wi, lè a rive, jou a ap pwoche. Moun k'ap achte yo pa bezwen fè kè yo kontan. Moun k'ap vann yo pa bezwen règrèt anyen paske chatiman Bondye pral tonbe sou tout richès ki nan peyi a.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 7:12 The time has come, the day has arrived. Let not the buyer rejoice nor the seller mourn; for wrath is against all their multitude.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 7:13---- Eze 7:13 Machann yo ap gen tan mouri anvan yo touche lajan pou sa yo te vann lan, paske wè pa wè, vizyon an gen pou rive vre, tout moun gen pou pase. Tout moun te lage kò yo nan fè mechanste san sa pa rapòte yo anyen.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 7:13 Indeed, the seller will not regain what he sold as long as they both live; for the vision regarding all their multitude will not be averted, nor will any of them maintain his life by his iniquity.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 7:14---- Eze 7:14 Twonpèt la kònen. Tout bagay fin pare! Men, pesonn p'ap leve al goumen paske chatiman Bondye a pral tonbe sou tout moun ki nan peyi a.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 7:14 'They have blown the trumpet and made everything ready, but no one is going to the battle, for My wrath is against all their multitude.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 7:15---- Eze 7:15 Batay nan tout lari! Maladi ak grangou nan tout kay! Moun ki andeyò nan jaden yo pral mouri nan lagè. Moun ki anndan lavil la, grangou ak maladi pral fini ak yo.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 7:15 The sword is outside and the plague and the famine are within. He who is in the field will die by the sword; famine and the plague will also consume those in the city.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 7:16---- Eze 7:16 Gen en ki va chape kò yo al nan mòn, tankou ranmye k'ap vole kite fon yo. Yo pral plenn sò yo pou tou sa yo fè ki mal.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 7:16 Even when their survivors escape, they will be on the mountains like doves of the valleys, all of them mourning, each over his own iniquity.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 7:17---- Eze 7:17 Bra tout moun pral san fòs, yo p'ap ka kanpe sou janm yo tèlman y'ap pè.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 7:17 All hands will hang limp and all knees will become like water.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 7:18---- Eze 7:18 Yo pral mete rad sak sou yo. Yo pral tranble nan tout kò yo. Yo pral wont, y'ap kale tèt yo nèt.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 7:18 They will gird themselves with sackcloth and shuddering will overwhelm them; and shame will be on all faces and baldness on all their heads.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 7:19---- Eze 7:19 Y'ap voye tou sa yo genyen ki fèt an ajan jete nan lari. Yo p'ap ka santi sa yo genyen ki fèt an lò. Paske jou sa a, ni lò, ni ajan p'ap ka sove yo anba kòlè Bondye. Yo p'ap ka fè bouch yo plezi, ni yo p'ap ka manje plen vant yo. Paske se pou bagay sa yo yo te fè tout mechanste sa yo.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 7:19 They will fling their silver into the streets and their gold will become an abhorrent thing; their silver and their gold will not be able to deliver them in the day of the wrath of the Lord. They cannot satisfy their appetite nor can they fill their stomachs, for their iniquity has become an occasion of stumbling.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 7:20---- Eze 7:20 Bèl bijou yo te genyen yo vire lòlòj yo. Yo sèvi ak yo pou fè estati zidòl, bagay ki derespektan, bagay mwen pa vle wè menm. Se poutèt sa, m'ap fè yo p'ap ka santi richès yo.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 7:20 They transformed the beauty of His ornaments into pride, and they made the images of their abominations and their detestable things with it; therefore I will make it an abhorrent thing to them.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 7:21---- Eze 7:21 M'ap lage tout richès yo nan men moun lòt nasyon k'ap piye yo. Yon bann sanzave ap vòlò tout richès yo, y'ap trennen yo nan labou.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 7:21 I will give it into the hands of the foreigners as plunder and to the wicked of the earth as spoil, and they will profane it.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 7:22---- Eze 7:22 M'ap fèmen je m' pou m' pa wè lè y'ap trennen trezò tanp lan nan labou, lè vòlò va antre nan tanp lan pou yo derespekte l'.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 7:22 I will also turn My face from them, and they will profane My secret place; then robbers will enter and profane it.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 7:23---- Eze 7:23 Tout bagay pral tèt anba. Peyi a plen ansasen k'ap touye moun. Nan lavil la, moun ap kraze brize.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 7:23 'Make the chain, for the land is full of bloody crimes and the city is full of violence.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 7:24---- Eze 7:24 M'ap fè pèp ki pi mechan sou latè a mache sou yo, y'ap pran tout kay yo pou yo. M'ap kraze lògèy lwijanboje yo, lè moun sa yo va derespekte tout kote yo te konn fè sèvis pou zidòl yo.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 7:24 Therefore, I will bring the worst of the nations, and they will possess their houses. I will also make the pride of the strong ones cease, and their holy places will be profaned.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 7:25---- Eze 7:25 Tout moun pral gen kè sere. Yo ta renmen gen kè poze, men yo p'ap kapab.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 7:25 When anguish comes, they will seek peace, but there will be none.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 7:26---- Eze 7:26 Malè ap tonbe sou yo yonn apre lòt. Yon seri move nouvèl ap vini yonn dèyè lòt. Yo pral mande pwofèt la ki vizyon li fè pou yo. Prèt yo p'ap gen anyen pou moutre pèp la. Granmoun yo p'ap gen konsèy pou ba yo.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 7:26 Disaster will come upon disaster and rumor will be added to rumor; then they will seek a vision from a prophet, but the law will be lost from the priest and counsel from the elders.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 7:27---- Eze 7:27 Wa a pral nan gwo lapenn. Pitit wa a pral rete sezi, tout pèp la pral tranble. M'ap pini yo pou sa yo fè, m'ap fè yo menm sa yo te fè lòt moun. Lè sa a, y'a konnen se mwen menm ki Seyè a.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 7:27 The king will mourn, the prince will be clothed with horror, and the hands of the people of the land will tremble. According to their conduct I will deal with them, and by their judgments I will judge them. And they will know that I am the Lord.'"(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 8:1 ---- written 592-570 B.C. Exilic---- |
|
THIS CHAPTER:
0809_26_Ezekiel_07_ht-en.html 0805_26_Ezekiel_03_ht-en.html 0806_26_Ezekiel_04_ht-en.html 0807_26_Ezekiel_05_ht-en.html 0808_26_Ezekiel_06_ht-en.html 0810_26_Ezekiel_08_ht-en.html 0811_26_Ezekiel_09_ht-en.html 0812_26_Ezekiel_10_ht-en.html 0813_26_Ezekiel_11_ht-en.html NKJV: New King James Version (1982 AD) KJV: King James Version (1611 AD) ASV: American Standard Version(1901 AD) Geneva: Geneva Bible (1560 AD) German - Luther's Die Heilige Schrift(1545 AD), based on the Textus Receptus, Vulgate and other sources Latin: Vulgate (405 AD) Hebrew: Masoretic OT and NT translation by Salkinson and C.D. Ginsburg Greek-OT: The Septuagint (LXX)(132 BC) - translation into Greek from Hebrew by 70 Jewish scholars Greek-NT: Nestle-Aland (120-200AD), oldest manuscripts used for the NASB and Textus Receptus (1100-1200AD), a later version used by Luther and for the KJV top of the page |
STUDY: the BIBLE --- READ the Bible in ONE_YEAR! --- READ the Bible in the order written! ---
--- free study tools, maps and handouts --- free e-book PDF: BIBLE OVERVIEW and Summary --- Today's Date:
|