Bibletech.net: index --- Read/Study the BIBLE: Learn to be THANKFUL, LOVE, Live by Faith, and FORGIVE others as you Trust in Jesus!

--- GRAMMAR and ABCs --- 35 languages, by name and ISO country code --- navigation tools for this page ---
The Bible by chapter: CREOLE and ENGLISH (NASB 1995)


Dan 3:30 Then the king caused Shadrach, Meshach and Abed-nego to prosper in the province of Babylon.(NASB-1995)

================================================================================
---- Daniel 4:1 ---- written 537 B.C. Exilic----
Dan 4:1 Men mesaj wa Nèbikadneza voye bay tout pèp, moun tout ras nan tout peyi ki pale lòt lang toupatou sou latè: -Gwo bonjou ak anpil kè poze pou nou tout.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Dan 4:1 Nebuchadnezzar the king to all the peoples, nations, and men of every language that live in all the earth. "May your peace abound!(NASB-1995)

================================================================================
---- Daniel 4:2----
Dan 4:2 Se yon plezi pou mwen pou m' fè nou konnen mirak ak bèl bagay Bondye ki anwo nan syèl la fè pou mwen.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Dan 4:2 It has seemed good to me to declare the signs and wonders which the Most High God has done for me.(NASB-1995)

================================================================================
---- Daniel 4:3----
Dan 4:3 Bèl bagay li fè yo pa piti! Mirak li fè yo se gwo zafè! Bondye ap gouvènen pou tout tan. Otorite l' la la jouk sa kaba nèt.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Dan 4:3 "How great are His signs And how mighty are His wonders! His kingdom is an everlasting kingdom And His dominion is from generation to generation.(NASB-1995)

================================================================================
---- Daniel 4:4----
Dan 4:4 Mwen menm, Nèbikadneza, mwen t'ap viv alèz lakay mwen. Tout zafè m' t'ap mache byen nan palè a.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Dan 4:4 "I, Nebuchadnezzar, was at ease in my house and flourishing in my palace.(NASB-1995)

================================================================================
---- Daniel 4:5----
Dan 4:5 Men, mwen fè yon rèv ki boulvèse m' anpil. Antan m' t'ap dòmi, yon bann vye lide t'ap travay nan tèt mwen, epi mwen te fè yon vizyon ki t'ap trakase tèt mwen.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Dan 4:5 I saw a dream and it made me fearful; and these fantasies as I lay on my bed and the visions in my mind kept alarming me.(NASB-1995)

================================================================================
---- Daniel 4:6----
Dan 4:6 Mwen bay lòd pou yo fè chache tout nèg save ki nan lavil Babilòn pou yo vin ban m' esplikasyon rèv la.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Dan 4:6 So I gave orders to bring into my presence all the wise men of Babylon, that they might make known to me the interpretation of the dream.(NASB-1995)

================================================================================
---- Daniel 4:7----
Dan 4:7 Dènye majisyen, dènye moun ki li zetwal, dènye divinò ak dènye nèg save vini. Mwen rakonte yo rèv la, men yo pa t' ka esplike m' sa li vle di.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Dan 4:7 Then the magicians, the conjurers, the Chaldeans and the diviners came in and I related the dream to them, but they could not make its interpretation known to me.(NASB-1995)

================================================================================
---- Daniel 4:8----
Dan 4:8 Apre sa, Danyèl vini devan mwen. Yo te ba li yon lòt non dapre non bondye mwen an: Yo te rele l' Beltechaza. Li gen lespri bondye yo nan li. Mwen rakonte l' rèv mwen te fè a.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Dan 4:8 But finally Daniel came in before me, whose name is Belteshazzar according to the name of my god, and in whom is a spirit of the holy gods; and I related the dream to him, saying,(NASB-1995)

================================================================================
---- Daniel 4:9----
Dan 4:9 Mwen di l': Beltechaza, ou menm ki chèf majisyen yo, mwen konnen ou gen lespri bondye yo nan ou, kifè pa gen mistè ou pa konprann. Men sa mwen te wè nan rèv mwen te fè a. Di m' kisa li vle di:(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Dan 4:9 'O Belteshazzar, chief of the magicians, since I know that a spirit of the holy gods is in you and no mystery baffles you, tell me the visions of my dream which I have seen, along with its interpretation.(NASB-1995)

================================================================================
---- Daniel 4:10----
Dan 4:10 Antan mwen t'ap dòmi, mwen fè yon vizyon: Mwen wè yon gwo pyebwa byen kanpe nan mitan latè.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Dan 4:10 'Now these were the visions in my mind as I lay on my bed: I was looking, and behold, there was a tree in the midst of the earth and its height was great.(NASB-1995)

================================================================================
---- Daniel 4:11----
Dan 4:11 Pyebwa a grandi, li grandi jouk tèt li rive nan syèl. Toupatou sou latè moun te ka wè l'.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Dan 4:11 'The tree grew large and became strong And its height reached to the sky, And it was visible to the end of the whole earth.(NASB-1995)

================================================================================
---- Daniel 4:12----
Dan 4:12 Fèy li yo te bèl. Li te chaje ak donn. Te gen kont pou tout moun manje. Li te bay gwo lonbray pou bèt nan bwa yo pare solèy. Zwezo te fè nich nan tout branch li yo. Li te bay manje pou tout kalite bèt ak pou tout moun.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Dan 4:12 'Its foliage was beautiful and its fruit abundant, And in it was food for all. The beasts of the field found shade under it, And the birds of the sky dwelt in its branches, And all living creatures fed themselves from it.(NASB-1995)

================================================================================
---- Daniel 4:13----
Dan 4:13 Nan dòmi an, antan mwen t'ap kalkile sou rèv la, mwen wè yon zanj Bondye soti nan syèl la desann. Se te yonn nan zanj gadyen yo.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Dan 4:13 'I was looking in the visions in my mind as I lay on my bed, and behold, an angelic watcher, a holy one, descended from heaven.(NASB-1995)

================================================================================
---- Daniel 4:14----
Dan 4:14 Li pale byen fò, li di konsa: Koupe pyebwa a met atè. Debranche l' nèt. Rache tout fèy li yo. Gaye tout donn li yo. Fè tout bèt soti anba lonbraj li. Fè tout zwezo vole kite branch li yo.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Dan 4:14 'He shouted out and spoke as follows: Chop down the tree and cut off its branches, Strip off its foliage and scatter its fruit; Let the beasts flee from under it And the birds from its branches.(NASB-1995)

================================================================================
---- Daniel 4:15----
Dan 4:15 Men, kite yon gwo chouk ak tout rasin li nan tè. Mare l' ak chenn fèt an fè ak kwiv. Kite l' la konsa nan mitan zèb yo. Se pou lawouze tonbe sou nonm sa a. Se pou l' manje zèb nan savann tankou bèt nan bwa.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Dan 4:15 "Yet leave the stump with its roots in the ground, But with a band of iron and bronze around it In the new grass of the field; And let him be drenched with the dew of heaven, And let him share with the beasts in the grass of the earth.(NASB-1995)

================================================================================
---- Daniel 4:16----
Dan 4:16 Pandan sètan, li p'ap gen lespri tankou tout moun. L'ap san konprann tankou yon bèt.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Dan 4:16 "Let his mind be changed from that of a man And let a beast's mind be given to him, And let seven periods of time pass over him.(NASB-1995)

================================================================================
---- Daniel 4:17----
Dan 4:17 Se desizyon sa a zanj gadyen yo pran. Se jijman sa a zanj Bondye yo bay. Se pou tout moun sou latè konnen Bondye ki nan syèl la gen pouvwa sou tout chèf. Li bay moun li vle pouvwa pou yo gouvènen. Li pran moun ki pi ba a, li fè l' moute!(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Dan 4:17 "This sentence is by the decree of the angelic watchers And the decision is a command of the holy ones, In order that the living may know That the Most High is ruler over the realm of mankind, And bestows it on whom He wishes And sets over it the lowliest of men."(NASB-1995)

================================================================================
---- Daniel 4:18----
Dan 4:18 Men rèv mwen menm, wa Nèbikadneza, mwen te fè a. Koulye a, ou menm Beltechaza, esplike m' sa li vle di. Pa gen yonn nan tout nèg save peyi m' lan ki te ka fè m' konnen sans rèv la. Men ou menm, ou kapab, paske lespri bondye yo nan ou.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Dan 4:18 This is the dream which I, King Nebuchadnezzar, have seen. Now you, Belteshazzar, tell me its interpretation, inasmuch as none of the wise men of my kingdom is able to make known to me the interpretation; but you are able, for a spirit of the holy gods is in you.'(NASB-1995)

================================================================================
---- Daniel 4:19----
Dan 4:19 Lè sa a, Danyèl ki te rele Beltechaza tou, rete yon bon ti tan li pa di anyen, paske tèt li te boulvèse. Wa a di l' konsa: -Beltechaza monchè, pa kite rèv la ak esplikasyon l' lan boulvèse tèt ou! Beltechaza reponn: -Monwa, mwen ta swete rèv la ak tout esplikasyon l' lan pa pou ou, men pou lènmi ou yo, pou moun ki pa vle wè ou yo.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Dan 4:19 "Then Daniel, whose name is Belteshazzar, was appalled for a while as his thoughts alarmed him. The king responded and said, 'Belteshazzar, do not let the dream or its interpretation alarm you.'Belteshazzar replied, 'My lord, if only the dream applied to those who hate you and its interpretation to your adversaries!(NASB-1995)

================================================================================
---- Daniel 4:20----
Dan 4:20 Pyebwa ou te wè ki t'ap grandi, ki t'ap gwosi jouk tèt li rive nan syèl la kifè dènye moun sou latè te ka wè l' la,(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Dan 4:20 The tree that you saw, which became large and grew strong, whose height reached to the sky and was visible to all the earth(NASB-1995)

================================================================================
---- Daniel 4:21----
Dan 4:21 pyebwa ki te gen fèy li yo bèl, ki te chaje donn kont pou tout moun sou latè te manje, ki te gen bèt nan bwa rete anba lonbray li ak zwezo ki te fè nich nan tout branch li yo,(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Dan 4:21 and whose foliage was beautiful and its fruit abundant, and in which was food for all, under which the beasts of the field dwelt and in whose branches the birds of the sky lodged"(NASB-1995)

================================================================================
---- Daniel 4:22----
Dan 4:22 pyebwa sa a se ou menm, monwa, ki grandi, ki vin fò. Ou sitèlman grandi ou rive jouk nan syèl la. Ou chèf sou tout latè.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Dan 4:22 it is you, O king; for you have become great and grown strong, and your majesty has become great and reached to the sky and your dominion to the end of the earth.(NASB-1995)

================================================================================
---- Daniel 4:23----
Dan 4:23 Apre sa, antan wa a t'ap gade, li wè yon zanj Bondye soti nan syèl la desann, epi ki di: Koupe pyebwa a mete l' atè, detwi li. Men, kite chouk la nan tè ak tout rasin li yo. Mare l' ak chenn fèt an fè ak kwiv. Lèfini, kite l' nan mitan zèb yo. Kite lawouze tonbe sou nonm sa a, kite l' viv ak bèt nan bwa yo pandan sètan.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Dan 4:23 In that the king saw an angelic watcher, a holy one, descending from heaven and saying, "Chop down the tree and destroy it; yet leave the stump with its roots in the ground, but with a band of iron and bronze around it in the new grass of the field, and let him be drenched with the dew of heaven, and let him share with the beasts of the field until seven periods of time pass over him,"(NASB-1995)

================================================================================
---- Daniel 4:24----
Dan 4:24 Bon, koulye a, men sa rèv la vle di monwa. Men sa Bondye ki anwo nan syèl la di ki pral rive ou.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Dan 4:24 this is the interpretation, O king, and this is the decree of the Most High, which has come upon my lord the king:(NASB-1995)

================================================================================
---- Daniel 4:25----
Dan 4:25 Yo pral voye ou byen lwen pou ou pa mache sou moun. Ou pral rete ak bèt nan bwa pandan sètan. Ou pral manje zèb tankou bèf, ou pral dòmi deyò pou lawouze bat ou. Apre sa, w'a rekonèt se Bondye nan syèl la ki kontwole tout chèf sou latè. Se li menm ki bay moun li vle dwa pou yo gouvènen.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Dan 4:25 that you be driven away from mankind and your dwelling place be with the beasts of the field, and you be given grass to eat like cattle and be drenched with the dew of heaven; and seven periods of time will pass over you, until you recognize that the Most High is ruler over the realm of mankind and bestows it on whomever He wishes.(NASB-1995)

================================================================================
---- Daniel 4:26----
Dan 4:26 Zanj yo te di pou yo te kite chouk la ak tout rasin li yo nan tè. Sa vle di w'ap moute wa ankò lè w'a rekonèt se Bondye nan syèl la k'ap gouvènen sou tout latè.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Dan 4:26 And in that it was commanded to leave the stump with the roots of the tree, your kingdom will be assured to you after you recognize that it is Heaven that rules.(NASB-1995)

================================================================================
---- Daniel 4:27----
Dan 4:27 Se poutèt sa, monwa, koute konsèy m'ap ba ou. Fè sa ki dwat devan Bondye pou kouvri peche ou yo. Gen pitye pou pòv malere yo pou kouvri tout mechanste ou yo! Konsa, monwa, w'a ka viv alèz ak kè poze pou lontan ankò.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Dan 4:27 Therefore, O king, may my advice be pleasing to you: break away now from your sins by doing righteousness and from your iniquities by showing mercy to the poor, in case there may be a prolonging of your prosperity.'(NASB-1995)

================================================================================
---- Daniel 4:28----
Dan 4:28 Tou sa Danyèl te di a rive wa Nèbikadneza vre.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Dan 4:28 "All this happened to Nebuchadnezzar the king.(NASB-1995)

================================================================================
---- Daniel 4:29----
Dan 4:29 Douz mwa apre sa, wa a t'ap pwonmennen sou teras palè li a lavil Babilòn,(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Dan 4:29 Twelve months later he was walking on the roof of the royal palace of Babylon.(NASB-1995)

================================================================================
---- Daniel 4:30----
Dan 4:30 li di konsa: -Gade jan lavil Babilòn lan vin gran non! Se mwen menm ki bati l' ak fòs kouraj mwen pou l' sèvi m' kapital peyi a, pou fè wè jan mwen gen pouvwa, jan mwen grannèg.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Dan 4:30 The king reflected and said, 'Is this not Babylon the great, which I myself have built as a royal residence by the might of my power and for the glory of my majesty?'(NASB-1995)

================================================================================
---- Daniel 4:31----
Dan 4:31 Wa a pa t' ankò fèmen bouch li, lè yon vwa rete nan syèl la, li di: -Wa Nèbikadneza, koute sa m'ap di ou. Depi jòdi a, yo wete pouvwa a nan men ou. Ou pa wa ankò.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Dan 4:31 While the word was in the king's mouth, a voice came from heaven, saying, 'King Nebuchadnezzar, to you it is declared: sovereignty has been removed from you,(NASB-1995)

================================================================================
---- Daniel 4:32----
Dan 4:32 Yo p'ap kite ou mache sou moun. Ou pral rete ak bèt nan bwa. Ou pral manje zèb tankou bèf pandan sètan, jouk w'a rekonèt se Bondye nan syèl la ki kontwole tout chèf sou latè. Se li menm ki bay moun li vle dwa pou yo gouvènen.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Dan 4:32 and you will be driven away from mankind, and your dwelling place will be with the beasts of the field. You will be given grass to eat like cattle, and seven periods of time will pass over you until you recognize that the Most High is ruler over the realm of mankind and bestows it on whomever He wishes.'(NASB-1995)

================================================================================
---- Daniel 4:33----
Dan 4:33 Lamenm sa pawòl la te di a rive vre. Yo mete wa a deyò pou l' pa mache sou moun. Li t'ap manje zèb tankou bèf. Lawouze tonbe sou tout kò l'. Cheve nan tèt li pouse tankou plim malfini, zong li yo vin long tankou grif zwezo.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Dan 4:33 Immediately the word concerning Nebuchadnezzar was fulfilled; and he was driven away from mankind and began eating grass like cattle, and his body was drenched with the dew of heaven until his hair had grown like eagles' feathers and his nails like birds' claws.(NASB-1995)

================================================================================
---- Daniel 4:34----
Dan 4:34 Wa a di ankò: -Apre sètan sa yo, mwen menm Nèbikadneza, mwen leve je m' mwen gade syèl la. Bonnanj mwen vin sou mwen. Mwen di Bondye nan syèl la mèsi, mwen fè lwanj Bondye k'ap viv pou tout tan tout tan an, mwen rekonèt jan li gen pouvwa. L'ap donminen pou tout tan. Gouvènman li ap la jouk sa kaba.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Dan 4:34 "But at the end of that period, I, Nebuchadnezzar, raised my eyes toward heaven and my reason returned to me, and I blessed the Most High and praised and honored Him who lives forever; For His dominion is an everlasting dominion, And His kingdom endures from generation to generation.(NASB-1995)

================================================================================
---- Daniel 4:35----
Dan 4:35 Li pa pran moun k'ap viv sou latè yo pou anyen. Li fè sa li vle ak lame zanj ki nan syèl la, ansanm ak tout moun ki sou latè. Pesonn pa ka kenbe tèt avè l'. Pesonn pa ka mande l' kont!(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Dan 4:35 "All the inhabitants of the earth are accounted as nothing, But He does according to His will in the host of heaven And among the inhabitants of earth; And no one can ward off His hand Or say to Him, 'What have You done?'(NASB-1995)

================================================================================
---- Daniel 4:36----
Dan 4:36 Lè bonnanj mwen tounen sou mwen, yo renmèt mwen pouvwa mwen, otorite mwen ak tout bèl bagay mwen te genyen. Konseye mwen yo ak chèf k'ap sèvi mwen yo voye chache m', yo mete m' wa ankò. Mwen vin gen plis pouvwa pase anvan.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Dan 4:36 At that time my reason returned to me. And my majesty and splendor were restored to me for the glory of my kingdom, and my counselors and my nobles began seeking me out; so I was reestablished in my sovereignty, and surpassing greatness was added to me.(NASB-1995)

================================================================================
---- Daniel 4:37----
Dan 4:37 Koulye a, mwen menm Nèbikadneza, m'ap fè fèt pou wa ki nan syèl la, m'ap fè lwanj pou li, m'ap di jan li gen pouvwa. Tou sa li fè bon. Li pa fè paspouki pou pesonn. Li konn jan pou l' fè ak moun ki kite lògèy vire tèt yo. L'ap desann kòlèt yo.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Dan 4:37 Now I, Nebuchadnezzar, praise, exalt and honor the King of heaven, for all His works are true and His ways just, and He is able to humble those who walk in pride."(NASB-1995)

================================================================================
---- Daniel 5:1 ---- written 537 B.C. Exilic----


top of the page
THIS CHAPTER:    0854_27_Daniel_04_ht-en.html

PREVIOUS CHAPTERS:
0850_26_Ezekiel_48_ht-en.html
0851_27_Daniel_01_ht-en.html
0852_27_Daniel_02_ht-en.html
0853_27_Daniel_03_ht-en.html

NEXT CHAPTERS:
0855_27_Daniel_05_ht-en.html
0856_27_Daniel_06_ht-en.html
0857_27_Daniel_07_ht-en.html
0858_27_Daniel_08_ht-en.html

links to all chapters (HT-EN-links.html)

The most accurate English translation NASB 1995: New American Standard Bible (1995 AD>
NKJV: New King James Version (1982 AD)
KJV: King James Version (1611 AD)
ASV: American Standard Version(1901 AD)
Geneva: Geneva Bible (1560 AD)
German - Luther's Die Heilige Schrift(1545 AD), based on the Textus Receptus, Vulgate and other sources
Latin: Vulgate (405 AD)
Hebrew: Masoretic OT and NT translation by Salkinson and C.D. Ginsburg
Greek-OT: The Septuagint (LXX)(132 BC) - translation into Greek from Hebrew by 70 Jewish scholars
Greek-NT: Nestle-Aland (120-200AD), oldest manuscripts used for the NASB and
Textus Receptus (1100-1200AD), a later version used by Luther and for the KJV


top of the page


NAVIGATION tools: --- TOP of page --- GRAMMAR: for 35 Languages --- BibleTech.net INDEX ---
STUDY: the BIBLE --- READ the Bible in ONE_YEAR! --- READ the Bible in the order written! ---

--- free study tools, maps and handouts --- free e-book PDF: BIBLE OVERVIEW and Summary ---

Today's Date:

"Scripture taken from NEW AMERICAN STANDARD BIBLE® 1995 edition,(NASB) Copyright © 1960-2022 by The Lockman Foundation. Used by permission."
"Scripture taken from the New King James Version®.(NKJV) Copyright © 1982 by Thomas Nelson. Used by permission. All rights reserved."