|
================================================================================ ---- Malachi 3:1 ---- written 450-400 B.C. Post-Exilic---- Mal 3:1 Seyè a pale, li di konsa: -Men m'ap voye mesaje mwen devan pou l' pare yon chemen pou mwen. N'ap rete konsa, n'ap wè Seyè n'ap plede chache a ap vini nan tanp li a. Mesaje nou te anvi wè a, men l'ap vini pou l' fè tout moun konnen kontra a.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Mal 3:1 "Behold, I am going to send My messenger, and he will clear the way before Me. And the Lord, whom you seek, will suddenly come to His temple; and the messenger of the covenant, in whom you delight, behold, He is coming," says the Lord of hosts.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Malachi 3:2---- Mal 3:2 Men, ki moun ki ka sipòte jou l'ap vini an? Ki moun ki va rete kanpe devan l' lè la parèt la? L'ap tankou dife yo sèvi pou fonn fè. L'ap tankou gwo savon yo sèvi pou blanchi rad.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Mal 3:2 "But who can endure the day of His coming? And who can stand when He appears? For He is like a refiner's fire and like fullers' soap.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Malachi 3:3---- Mal 3:3 La vini tankou moun k'ap fonn fè pou wete kras ki ladan l'. L'ap netwaye pitit pitit Levi yo, l'ap wete tou sa ki pa bon nan yo tankou yo netwaye lò ak ajan, pou yo ka nan kondisyon ankò pou yo prezante ofrann bay Bondye jan yo dwe fè l' la.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Mal 3:3 He will sit as a smelter and purifier of silver, and He will purify the sons of Levi and refine them like gold and silver, so that they may present to the Lord offerings in righteousness.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Malachi 3:4---- Mal 3:4 Lè sa a, ofrann moun peyi Jida yo ak ofrann moun lavil Jerizalèm yo va fè Seyè a plezi, jan sa te konn ye nan tan lontan, depi nan konmansman.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Mal 3:4 Then the offering of Judah and Jerusalem will be pleasing to the Lord as in the days of old and as in former years.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Malachi 3:5---- Mal 3:5 Seyè ki gen tout pouvwa a di ankò: -m'a vin jwenn nou pou rann jistis. Parèt mwen parèt, m'ap denonse moun k'ap fè maji, moun k'ap fè adiltè, moun k'ap fè sèman pou twonpe moun, moun k'ap kenbe nan lajan moun k'ap travay pou yo, moun k'ap peze fanm ki pèdi mari yo ak timoun ki pèdi papa yo, moun k'ap pwofite sou moun lòt nasyon, moun ki pa genyen m' krentif.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Mal 3:5 "Then I will draw near to you for judgment; and I will be a swift witness against the sorcerers and against the adulterers and against those who swear falsely, and against those who oppress the wage earner in his wages, the widow and the orphan, and those who turn aside the alien and do not fear Me," says the Lord of hosts.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Malachi 3:6---- Mal 3:6 Mwen se Seyè a, mwen p'ap chanje. Se poutèt sa nou menm, pitit pitit Jakòb yo, nou pa disparèt nèt.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Mal 3:6 "For I, the Lord, do not change; therefore you, O sons of Jacob, are not consumed.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Malachi 3:7---- Mal 3:7 Depi sou tan zansèt nou yo nou pa okipe sa m' te ban nou lòd fè. Nou pa swiv yo. Tounen vin jwenn mwen. Mwen menm, m'a tounen vin jwenn nou tou. Se Seyè ki gen tout pouvwa a menm ki di sa. N'ap mande m' sa pou nou fè pou nou tounen vin jwenn mwen?(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Mal 3:7 "From the days of your fathers you have turned aside from My statutes and have not kept them. Return to Me, and I will return to you," says the Lord of hosts." But you say, 'How shall we return?'(NASB-1995) ================================================================================ ---- Malachi 3:8---- Mal 3:8 Mwen menm m'ap mande nou: Eske yon moun ka twonpe Bondye? Non. Men, se twonpe n'ap twonpe m'. N'ap mande ki jan n'ap twonpe m' lan. M'ap reponn nou: Nan keksyon ladim ak lòt bagay nou fèt pou nou ofri m' yo.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Mal 3:8 "Will a man rob God? Yet you are robbing Me! But you say, 'How have we robbed You?' In tithes and offerings.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Malachi 3:9---- Mal 3:9 Gen yon madichon ki gen pou tonbe sou nou tout, paske tout moun nan peyi a ap twonpe m'.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Mal 3:9 You are cursed with a curse, for you are robbing Me, the whole nation of you!(NASB-1995) ================================================================================ ---- Malachi 3:10---- Mal 3:10 Pote tout ladim lan nèt nan tanp lan, san wete anyen ladan l', pou ka gen manje nan tanp lan. Se pou nou fè sa pou nou wè si mwen p'ap kenbe pawòl mwen vre. n'a wè si mwen p'ap louvri syèl la fè lapli tonbe, si mwen p'ap vide benediksyon sou nou an kantite.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Mal 3:10 Bring the whole tithe into the storehouse, so that there may be food in My house, and test Me now in this," says the Lord of hosts, "if I will not open for you the windows of heaven and pour out for you a blessing until it overflows.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Malachi 3:11---- Mal 3:11 Mwen p'ap kite chini vini pou detwi rekòt jaden nou ankò, ni pou anpeche pye rezen nou yo donnen. Se Seyè ki gen tout pouvwa a menm ki di sa.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Mal 3:11 Then I will rebuke the devourer for you, so that it will not destroy the fruits of the ground; nor will your vine in the field cast its grapes," says the Lord of hosts.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Malachi 3:12---- Mal 3:12 Lè sa a, moun toupatou sou latè va rekonèt jan Bondye beni nou, paske sa pral bon nèt pou moun k'ap viv nan peyi nou an. Se Seyè ki gen tout pouvwa a ki di sa.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Mal 3:12 "All the nations will call you blessed, for you shall be a delightful land," says the Lord of hosts.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Malachi 3:13---- Mal 3:13 Seyè a di ankò: -Nou te pale m' mal. Men nou reponn: Kisa nou di sou ou konsa?(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Mal 3:13 "Your words have been arrogant against Me," says the Lord. "Yet you say, 'What have we spoken against You?'(NASB-1995) ================================================================================ ---- Malachi 3:14---- Mal 3:14 Nou te di: Sa pa sèvi anyen pou yon moun sèvi Bondye. Sa sa ap rapòte yon moun pou li fè sa Seyè a mande, pou li fè Seyè a wè li gen lapenn pou sa li fè ki mal?(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Mal 3:14 You have said, 'It is vain to serve God; and what profit is it that we have kept His charge, and that we have walked in mourning before the Lord of hosts?(NASB-1995) ================================================================================ ---- Malachi 3:15---- Mal 3:15 Koulye a, nou tou wè se awogan yo k'ap viv ak kè kontan. Moun k'ap fè mal yo, se yo ki wè zafè yo ap mache. Yo sonde Bondye pou wè kote li ye ak yo epi anyen pa rive yo.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Mal 3:15 So now we call the arrogant blessed; not only are the doers of wickedness built up but they also test God and escape.'"(NASB-1995) ================================================================================ ---- Malachi 3:16---- Mal 3:16 Men koze ki te nan bouch moun ki gen krentif pou Bondye yo. Tansèlman, Seyè a t'ap swiv yo, li tande tou sa yo t'ap di. Li pran yon liv, li fè ekri non tout moun ki gen krentif pou li epi ki respekte l'.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Mal 3:16 Then those who feared the Lord spoke to one another, and the Lord gave attention and heard it, and a book of remembrance was written before Him for those who fear the Lord and who esteem His name.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Malachi 3:17---- Mal 3:17 Seyè a di konsa: Y'ap yon pèp apa pou mwen. Jou m'a deside pou m' aji a, se moun pa m' nèt y'ap ye. m'a gen pitye pou yo, menm jan yon papa gen pitye pou pitit gason l' k'ap sèvi l'.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Mal 3:17 "They will be Mine," says the Lord of hosts, "on the day that I prepare My own possession, and I will spare them as a man spares his own son who serves him."(NASB-1995) ================================================================================ ---- Malachi 3:18---- Mal 3:18 Lè sa a ankò, n'a wè diferans ant moun k'ap mache dwat ak moun k'ap fè sa ki mal, ant moun k'ap sèvi Bondye ak moun ki p'ap sèvi l'.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Mal 3:18 So you will again distinguish between the righteous and the wicked, between one who serves God and one who does not serve Him.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Malachi 4:1 ---- written 450-400 B.C. Post-Exilic---- |
|
THIS CHAPTER:
0928_39_Malachi_3_ht-en.html 0924_38_Zechariah_13_ht-en.html 0925_38_Zechariah_14_ht-en.html 0926_39_Malachi_1_ht-en.html 0927_39_Malachi_2_ht-en.html 0929_39_Malachi_4_ht-en.html 0930_40_Matthew_01_ht-en.html 0931_40_Matthew_02_ht-en.html 0932_40_Matthew_03_ht-en.html NKJV: New King James Version (1982 AD) KJV: King James Version (1611 AD) ASV: American Standard Version(1901 AD) Geneva: Geneva Bible (1560 AD) German - Luther's Die Heilige Schrift(1545 AD), based on the Textus Receptus, Vulgate and other sources Latin: Vulgate (405 AD) Hebrew: Masoretic OT and NT translation by Salkinson and C.D. Ginsburg Greek-OT: The Septuagint (LXX)(132 BC) - translation into Greek from Hebrew by 70 Jewish scholars Greek-NT: Nestle-Aland (120-200AD), oldest manuscripts used for the NASB and Textus Receptus (1100-1200AD), a later version used by Luther and for the KJV top of the page |
STUDY: the BIBLE --- READ the Bible in ONE_YEAR! --- READ the Bible in the order written! ---
--- free study tools, maps and handouts --- free e-book PDF: BIBLE OVERVIEW and Summary --- Today's Date:
|