|
================================================================================ ---- 1 Thessalonians 2:1 ---- written 51 A.D.---- 1Th 2:1 Nou menm frè m' yo, nou konn sa byen: vizit mwen te fè lakay nou an te bay bon rezilta.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 1Th 2:1 For you yourselves know, brethren, that our coming to you was not in vain,(NASB-1995) ================================================================================ ---- 1 Thessalonians 2:2---- 1Th 2:2 Mwen te fenk soti lavil Filip kote yo te maltrete m' anpil, kote yo te joure m' lan. Men, Bondye ban m' fòs ak kouraj pou m' te ka anonse nou bon nouvèl ki soti nan li a, malgre tout opozisyon mwen te jwenn.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 1Th 2:2 but after we had already suffered and been mistreated in Philippi, as you know, we had the boldness in our God to speak to you the gospel of God amid much opposition.(NASB-1995) ================================================================================ ---- 1 Thessalonians 2:3---- 1Th 2:3 Paske, lè m'ap pale ak moun, se pa manti m'ap bay, ni mwen pa gen ankenn move lide dèyè tèt mwen, ni mwen p'ap chache twonpe pesonn.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 1Th 2:3 For our exhortation does not come from error or impurity or by way of deceit;(NASB-1995) ================================================================================ ---- 1 Thessalonians 2:4---- 1Th 2:4 Okontrè, mwen te toujou pale jan Bondye vle l' la. Se Bondye ki konnen sa ki nan kè mwen. Li fè m' konfyans, li ban mwen bon nouvèl li a pou m' anonse. Se sak fè, se pa lèzòm m'ap chache fè plezi, men Bondye ki konnen sa ki nan kè mwen.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 1Th 2:4 but just as we have been approved by God to be entrusted with the gospel, so we speak, not as pleasing men, but God who examines our hearts.(NASB-1995) ================================================================================ ---- 1 Thessalonians 2:5---- 1Th 2:5 Nou menm, nou konn sa byen: mwen pa janm sèvi ak pawòl ki pou flate moun, ni mwen pa janm pran ankenn pretès pou chache fè lajan. Mwen pran Bondye pou temwen.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 1Th 2:5 For we never came with flattering speech, as you know, nor with a pretext for greed--God is witness--(NASB-1995) ================================================================================ ---- 1 Thessalonians 2:6---- 1Th 2:6 Mwen pa chache lwanj nan men pesonn, ni nan men nou, ni nan men lòt moun.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 1Th 2:6 nor did we seek glory from men, either from you or from others, even though as apostles of Christ we might have asserted our authority.(NASB-1995) ================================================================================ ---- 1 Thessalonians 2:7---- 1Th 2:7 Se pa kapab mwen pa ta kapab fè nou santi otorite Kris la ban mwen tankou apòt li. Non, okontrè. Pandan tout tan m' te lakay nou, mwen te aji avèk dousè, tankou yon manman k'ap pran swen pitit li yo.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 1Th 2:7 But we proved to be gentle among you, as a nursing mother tenderly cares for her own children.(NASB-1995) ================================================================================ ---- 1 Thessalonians 2:8---- 1Th 2:8 Mwen te sitèlman renmen nou, se pa bon nouvèl la ase mwen ta ban nou. Ata vi m' mwen ta bay pou nou. Nou wè jan m' renmen nou!(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 1Th 2:8 Having so fond an affection for you, we were well-pleased to impart to you not only the gospel of God but also our own lives, because you had become very dear to us.(NASB-1995) ================================================================================ ---- 1 Thessalonians 2:9---- 1Th 2:9 Nou chonje, frè m' yo, jan m' te travay, jan m' te fatige kò m' ap travay lajounen kou lannwit pou m' pa t' sou kont nou yonn pandan tout tan mwen t'ap anonse nou bon nouvèl Bondye a.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 1Th 2:9 For you recall, brethren, our labor and hardship, how working night and day so as not to be a burden to any of you, we proclaimed to you the gospel of God.(NASB-1995) ================================================================================ ---- 1 Thessalonians 2:10---- 1Th 2:10 Mwen pran nou sèvi m' temwen ansanm ak Bondye: Nou menm ki gen konfyans nan Bondye, nou ka di mwen te aji byen ak nou, yon jan ki dakò ak volonte Bondye, yon jan ki dwat, ki san repwòch.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 1Th 2:10 You are witnesses, and so is God, how devoutly and uprightly and blamelessly we behaved toward you believers;(NASB-1995) ================================================================================ ---- 1 Thessalonians 2:11---- 1Th 2:11 Nou konnen ki jan mwen te aji ak nou chak, tankou yon papa ak pitit li yo.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 1Th 2:11 just as you know how we were exhorting and encouraging and imploring each one of you as a father would his own children,(NASB-1995) ================================================================================ ---- 1 Thessalonians 2:12---- 1Th 2:12 Mwen te ankouraje nou, mwen te konsole nou, mwen pa t' janm sispann fè nou konprann byen ki jan pou nou mennen tèt nou pou nou ka fè Bondye plezi, paske Bondye rele nou pou nou resevwa pa nou nan gouvènman l' ak nan bèl pouvwa li.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 1Th 2:12 so that you would walk in a manner worthy of the God who calls you into His own kingdom and glory.(NASB-1995) ================================================================================ ---- 1 Thessalonians 2:13---- 1Th 2:13 Se konsa, mwen pa sispann di Bondye mèsi tou pou jan nou te pare zòrèy nou koute lè m' t'ap fè nou konnen pawòl Bondye a. Nou te resevwa l' pou sa l' ye a: pou pawòl Bondye, pa pou pawòl lèzòm. Se pawòl sa a k'ap travay nan kè nou, nou menm ki gen konfyans nan Bondye.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 1Th 2:13 For this reason we also constantly thank God that when you received the word of God which you heard from us, you accepted it not as the word of men, but for what it really is, the word of God, which also performs its work in you who believe.(NASB-1995) ================================================================================ ---- 1 Thessalonians 2:14---- 1Th 2:14 Frè m' yo, sa ki rive nou an, se sa ki te rive manm legliz Bondye k'ap viv pou Jezikri nan peyi Jide a. Menm sa yo te soufri nan men jwif yo, se sa nou soufri tou nan men moun menm peyi ak nou yo.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 1Th 2:14 For you, brethren, became imitators of the churches of God in Christ Jesus that are in Judea, for you also endured the same sufferings at the hands of your own countrymen, even as they did from the Jews,(NASB-1995) ================================================================================ ---- 1 Thessalonians 2:15---- 1Th 2:15 Se jwif yo ki te fè touye ni Jezi, Seyè a, ni pwofèt yo. Se yo menm tou ki te pèsekite m' ansanm ak zanmi m' yo. Yo pa soti pou fè Bondye plezi. Yo fè lènmi ak tout moun.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 1Th 2:15 who both killed the Lord Jesus and the prophets, and drove us out. They are not pleasing to God, but hostile to all men,(NASB-1995) ================================================================================ ---- 1 Thessalonians 2:16---- 1Th 2:16 Y'ap fè sa yo kapab pou anpeche m' pale ak moun ki pa jwif yo, pou moun sa yo pa sove. Konsa, yo lage kò yo nèt ale nan menm peche yo te toujou kònn fè a. Men, koulye a kòlè Bondye tonbe sou yo.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 1Th 2:16 hindering us from speaking to the Gentiles so that they may be saved; with the result that they always fill up the measure of their sins. But wrath has come upon them to the utmost.(NASB-1995) ================================================================================ ---- 1 Thessalonians 2:17---- 1Th 2:17 Pou mwen menm, frè m' yo, pa gen lontan depi m' kite nou. Nou pa wè menm, se vre. Men, lide m' toujou sou nou. Se pa ti anvi mwen pa anvi wè nou ankò.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 1Th 2:17 But we, brethren, having been taken away from you for a short while--in person, not in spirit--were all the more eager with great desire to see your face.(NASB-1995) ================================================================================ ---- 1 Thessalonians 2:18---- 1Th 2:18 Mwen pa konnen sa m' ta fè pou m' tounen lakay nou ankò. Mwen menm Pòl, mwen te seye plizyè fwa menm. Men, Satan te anpeche mwen.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 1Th 2:18 For we wanted to come to you-- I, Paul, more than once--and yet Satan hindered us.(NASB-1995) ================================================================================ ---- 1 Thessalonians 2:19---- 1Th 2:19 Se nou menm, moun Tesalonik, ki tout espwa mwen, se pa lòt moun. Se nou menm ki fè kè m' kontan. Se nou menm k'ap ban m' okazyon pou m' vante tèt mwen devan Jezi, Seyè nou an, lè la vini.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 1Th 2:19 For who is our hope or joy or crown of exultation? Is it not even you, in the presence of our Lord Jesus at His coming?(NASB-1995) ================================================================================ ---- 1 Thessalonians 2:20---- 1Th 2:20 Se nou menm ki ban m' satilfaksyon, se nou menm ki fè kè m' kontan.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- 1Th 2:20 For you are our glory and joy.(NASB-1995) ================================================================================ ---- 1 Thessalonians 3:1 ---- written 51 A.D.---- |
|
THIS CHAPTER:
1113_52_1_Thessalonians_02_ht-en.html 1109_51_Colossians_02_ht-en.html 1110_51_Colossians_03_ht-en.html 1111_51_Colossians_04_ht-en.html 1112_52_1_Thessalonians_01_ht-en.html 1114_52_1_Thessalonians_03_ht-en.html 1115_52_1_Thessalonians_04_ht-en.html 1116_52_1_Thessalonians_05_ht-en.html 1117_53_2_Thessalonians_01_ht-en.html NKJV: New King James Version (1982 AD) KJV: King James Version (1611 AD) ASV: American Standard Version(1901 AD) Geneva: Geneva Bible (1560 AD) German - Luther's Die Heilige Schrift(1545 AD), based on the Textus Receptus, Vulgate and other sources Latin: Vulgate (405 AD) Hebrew: Masoretic OT and NT translation by Salkinson and C.D. Ginsburg Greek-OT: The Septuagint (LXX)(132 BC) - translation into Greek from Hebrew by 70 Jewish scholars Greek-NT: Nestle-Aland (120-200AD), oldest manuscripts used for the NASB and Textus Receptus (1100-1200AD), a later version used by Luther and for the KJV top of the page |
STUDY: the BIBLE --- READ the Bible in ONE_YEAR! --- READ the Bible in the order written! ---
--- free study tools, maps and handouts --- free e-book PDF: BIBLE OVERVIEW and Summary --- Today's Date:
|