Bibletech.net: index --- Read/Study the BIBLE: Learn to be THANKFUL, LOVE, Live by Faith, and FORGIVE others as you Trust in Jesus!

--- GRAMMAR and ABCs --- 35 languages, by name and ISO country code --- navigation tools for this page ---
The Bible by chapter: CREOLE and ENGLISH (NASB 1995)


Heb 11:40 because God had provided something better for us, so that apart from us they would not be made perfect.(NASB-1995)

================================================================================
---- Hebrews 12:1 ---- written 64-68 A.D.----
Heb 12:1 Konsa, nou la nan mitan foul moun sa yo ki te moutre jan yo te gen konfyans nan Bondye. Ann voye tout bagay k'ap antrave kous nou jete byen lwen, ansanm ak peche a ki fasil pou vlope nou. Ann kouri avèk pasyans nan chemen Bondye mete devan nou an.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Heb 12:1 Therefore, since we have so great a cloud of witnesses surrounding us, let us also lay aside every encumbrance and the sin which so easily entangles us, and let us run with endurance the race that is set before us,(NASB-1995)

================================================================================
---- Hebrews 12:2----
Heb 12:2 Ann kenbe je nou kole sou Jezi. Se nan li konfyans nou soti, se li menm tou k'ap kenbe nou nan konfyans sa a jouk sa kaba. Li kite yo fè l' soufri sou kwa a. Li pa pran wont sa a pou anyen, paske li te toujou chonje apre l' te fin soufri a, Bondye t'ap fè kè l' kontan. Kifè koulye a li chita sou bò dwat fotèy Bondye a.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Heb 12:2 fixing our eyes on Jesus, the author and perfecter of faith, who for the joy set before Him endured the cross, despising the shame, and has sat down at the right hand of the throne of God.(NASB-1995)

================================================================================
---- Hebrews 12:3----
Heb 12:3 Egzaminen ka li byen. Gade tou sa li sibi nan men bann pechè sa yo ki pa t' vle wè l' menm. Konsa tou, pa kouri pou batay la. Pa dekouraje.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Heb 12:3 For consider Him who has endured such hostility by sinners against Himself, so that you will not grow weary and lose heart.(NASB-1995)

================================================================================
---- Hebrews 12:4----
Heb 12:4 Paske nan batay n'ap mennen kont peche a, nou poko goumen jan nou ta dwe jouk pou nou ta mouri.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Heb 12:4 You have not yet resisted to the point of shedding blood in your striving against sin;(NASB-1995)

================================================================================
---- Hebrews 12:5----
Heb 12:5 Eske nou gen tan bliye pawòl Bondye te di pou ankouraje nou tankou pitit li? Pitit mwen, lè Bondye ap peni ou, pa pran sa an jwèt. Lè l'ap fè ou repwòch, pa dekouraje.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Heb 12:5 and you have forgotten the exhortation which is addressed to you as sons, "MY SON, DO NOT REGARD LIGHTLY THE DISCIPLINE OF THE LORD, NOR FAINT WHEN YOU ARE REPROVED BY HIM;(NASB-1995)

================================================================================
---- Hebrews 12:6----
Heb 12:6 Paske Bondye peni moun li renmen. Se moun li rekonèt pou pitit li li bat.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Heb 12:6 FOR THOSE WHOM THE LORD LOVES HE DISCIPLINES, AND HE SCOURGES EVERY SON WHOM HE RECEIVES."(NASB-1995)

================================================================================
---- Hebrews 12:7----
Heb 12:7 Enben, sipòte soufrans sa yo tankou si se papa nou k'ap peni nou. Paske soufrans sa yo se prèv Bondye konsidere nou pou pitit li. Nou janm tande yon papa ki pa janm peni pitit li?(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Heb 12:7 It is for discipline that you endure; God deals with you as with sons; for what son is there whom his father does not discipline?(NASB-1995)

================================================================================
---- Hebrews 12:8----
Heb 12:8 Si Bondye pa peni nou tankou tout papa peni pitit yo, sa vle di nou pa pitit lejitim Bondye tout bon, nou se pitit deyò.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Heb 12:8 But if you are without discipline, of which all have become partakers, then you are illegitimate children and not sons.(NASB-1995)

================================================================================
---- Hebrews 12:9----
Heb 12:9 Chonje sa papa nou sou latè a konn fè. Yo peni nou. Malgre sa, nou toujou respekte yo. Nou pa bezwen mande jan nou dwe soumèt devan Papa nou ki nan syèl la, si nou bezwen viv.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Heb 12:9 Furthermore, we had earthly fathers to discipline us, and we respected them; shall we not much rather be subject to the Father of spirits, and live?(NASB-1995)

================================================================================
---- Hebrews 12:10----
Heb 12:10 Papa nou sou latè a te konn peni nou pou yon ti tan, dapre sa yo te kwè ki te bon. Men, Bondye peni nou pou byen pa nou menm, pou nou ka rive viv menm jan l'ap viv la.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Heb 12:10 For they disciplined us for a short time as seemed best to them, but He disciplines us for our good, so that we may share His holiness.(NASB-1995)

================================================================================
---- Hebrews 12:11----
Heb 12:11 Lè y'ap peni nou, sa yon ti jan vle fè nou plis lapenn pase pou l' ta fè nou kontan. Men pita, moun ki soti byen elve apre tout penisyon sa yo, yo pral mennen yon lavi byen dwat ak kè poze.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Heb 12:11 All discipline for the moment seems not to be joyful, but sorrowful; yet to those who have been trained by it, afterwards it yields the peaceful fruit of righteousness.(NASB-1995)

================================================================================
---- Hebrews 12:12----
Heb 12:12 Se poutèt sa, souke kò nou. Pa kite fatig antre sou nou.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Heb 12:12 Therefore, strengthen the hands that are weak and the knees that are feeble,(NASB-1995)

================================================================================
---- Hebrews 12:13----
Heb 12:13 Mache kote ki plat pou pye k'ap bwete a pa foule pi plis, okontrè pou l' ka geri.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Heb 12:13 and make straight paths for your feet, so that the limb which is lame may not be put out of joint, but rather be healed.(NASB-1995)

================================================================================
---- Hebrews 12:14----
Heb 12:14 Chache viv ak kè poze ak tout moun. Mennen yon lavi apa pou Bondye. Si se pa sa, pa gen moun k'ap wè Seyè a.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Heb 12:14 Pursue peace with all men, and the sanctification without which no one will see the Lord.(NASB-1995)

================================================================================
---- Hebrews 12:15----
Heb 12:15 Pa kite pesonn vire do bay favè Bondye a. Pa kite pesonn tounen tankou yon plant anmè k'ap pouse rasin k'ap anpwazonnen lòt yo.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Heb 12:15 See to it that no one comes short of the grace of God; that no root of bitterness springing up causes trouble, and by it many be defiled;(NASB-1995)

================================================================================
---- Hebrews 12:16----
Heb 12:16 Pa kite pesonn tonbe nan move vis, ni pèdi respè yo dwe genyen pou bagay ki fèt pou respekte, tankou Ezaou ki te vann dwa li kòm premye pitit pou yon plat manje.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Heb 12:16 that there be no immoral or godless person like Esau, who sold his own birthright for a single meal.(NASB-1995)

================================================================================
---- Hebrews 12:17----
Heb 12:17 Nou konnen ki jan pita, lè li te vle resevwa benediksyon papa li, yo te mete l' sou kote. Malgre tout kriye li te kriye bay papa a, pa t' gen mwayen chanje sa ki te fin fèt la.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Heb 12:17 For you know that even afterwards, when he desired to inherit the blessing, he was rejected, for he found no place for repentance, though he sought for it with tears.(NASB-1995)

================================================================================
---- Hebrews 12:18----
Heb 12:18 Nou pa t' pwoche bò kot yon bagay nou ka manyen tankou pèp Izrayèl la ki te pwoche bò kot Mòn Sinayi a. Sou mòn sa a te gen yon gwo dife ansanm ak yon fènwa ki pa t' piti, te gen yon bann bagay tou pou fè moun pè. Yon gwo van tanpèt t'ap soufle sou mòn lan.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Heb 12:18 For you have not come to a mountain that can be touched and to a blazing fire, and to darkness and gloom and whirlwind,(NASB-1995)

================================================================================
---- Hebrews 12:19----
Heb 12:19 Yo te tande son klewon k'ap kònen, ansanm ak vwa yon moun k'ap pale. Lè pitit Izrayèl yo tande vwa sa a, yo mande l' sispann pale.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Heb 12:19 and to the blast of a trumpet and the sound of words which sound was such that those who heard begged that no further word be spoken to them.(NASB-1995)

================================================================================
---- Hebrews 12:20----
Heb 12:20 Yo pa t' kapab sipòte lòd li te ba yo lè li te di: Menm si se yon bèt ki mete pye l' sou mòn sa a, se pou yo touye l' ak kout wòch.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Heb 12:20 For they could not bear the command, "IF EVEN A BEAST TOUCHES THE MOUNTAIN, IT WILL BE STONED."(NASB-1995)

================================================================================
---- Hebrews 12:21----
Heb 12:21 Moyiz menm, sa l' te wè devan je l' yo se te bagay terib. Se poutèt sa li te di: M'ap tranble kou fèy bwa tèlman mwen pè.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Heb 12:21 And so terrible was the sight, that Moses said, "I AM FULL OF FEAR and trembling."(NASB-1995)

================================================================================
---- Hebrews 12:22----
Heb 12:22 Okontrè, nou pwoche bò kot Mòn Siyon an, bò kot lavil Bondye vivan an, ki vle di: Jerizalèm ki nan syèl la ansanm ak tout kantite zanj li yo.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Heb 12:22 But you have come to Mount Zion and to the city of the living God, the heavenly Jerusalem, and to myriads of angels,(NASB-1995)

================================================================================
---- Hebrews 12:23----
Heb 12:23 Nou pwoche kote tout premye pitit Bondye yo sanble ak kè kontan, yo menm ki gen non yo ekri nan Liv ki nan syèl la. Nou pwoche bò kot Bondye ki gen pou jije tout moun lan, kote lespri moun ki fin bon nèt yo ye a.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Heb 12:23 to the general assembly and church of the firstborn who are enrolled in heaven, and to God, the Judge of all, and to the spirits of the righteous made perfect,(NASB-1995)

================================================================================
---- Hebrews 12:24----
Heb 12:24 Nou pwoche bò kot Jezikri, moun ki ranje nouvo kontra a, bò kote san ki koule a, yon san ki pale nou pi byen pase san Abèl la.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Heb 12:24 and to Jesus, the mediator of a new covenant, and to the sprinkled blood, which speaks better than the blood of Abel.(NASB-1995)

================================================================================
---- Hebrews 12:25----
Heb 12:25 Veye kò nou! Pa refize koute pawòl moun k'ap pale ak nou an. Moun ki te refize koute pawòl moun ki t'ap ba yo avètisman Bondye sou latè a, yo pa t' chape anba chatiman an. Nou pa bezwen mande si nou menm nou ka delivre si nou vire do bay moun k'ap pale ak nou antan l' nan syèl la.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Heb 12:25 See to it that you do not refuse Him who is speaking. For if those did not escape when they refused him who warned them on earth, much less will we escape who turn away from Him who warns from heaven.(NASB-1995)

================================================================================
---- Hebrews 12:26----
Heb 12:26 Nan tan lontan, lè Bondye te pale, tè a te tranble. Men, koulye a, li fè nou pwomès sa a: Yon lòt fwa, se pa latè a ase m'ap fè tranble. M'ap fè syèl la tranble tou.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Heb 12:26 And His voice shook the earth then, but now He has promised, saying, "YET ONCE MORE I WILL SHAKE NOT ONLY THE EARTH, BUT ALSO THE HEAVEN."(NASB-1995)

================================================================================
---- Hebrews 12:27----
Heb 12:27 Lè li di yon lòt fwa li fè nou konprann lè sa a se tout bagay Bondye te kreye yo ki pral pran tranble. Yo pral disparèt. Konsa se bagay ki byen fèm yo k'ap rete.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Heb 12:27 This expression, "Yet once more," denotes the removing of those things which can be shaken, as of created things, so that those things which cannot be shaken may remain.(NASB-1995)

================================================================================
---- Hebrews 12:28----
Heb 12:28 Peyi wa nou resevwa pou eritaj la pa ka brannen. Se pou nou di mèsi pou sa. Ann fè wè nou pa bliye sa li fè pou nou. Ann sèvi Bondye yon jan ki pou fè l' plezi, avèk respè, avèk krentif.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Heb 12:28 Therefore, since we receive a kingdom which cannot be shaken, let us show gratitude, by which we may offer to God an acceptable service with reverence and awe;(NASB-1995)

================================================================================
---- Hebrews 12:29----
Heb 12:29 Paske Bondye nou an se tankou yon dife k'ap detwi tout bagay.(Creole-HT)
--------------------------------------------------------------------------------
Heb 12:29 for our God is a consuming fire.(NASB-1995)

================================================================================
---- Hebrews 13:1 ---- written 64-68 A.D.----


top of the page
THIS CHAPTER:    1145_58_Hebrews_12_ht-en.html

PREVIOUS CHAPTERS:
1141_58_Hebrews_08_ht-en.html
1142_58_Hebrews_09_ht-en.html
1143_58_Hebrews_10_ht-en.html
1144_58_Hebrews_11_ht-en.html

NEXT CHAPTERS:
1146_58_Hebrews_13_ht-en.html
1147_59_James_01_ht-en.html
1148_59_James_02_ht-en.html
1149_59_James_03_ht-en.html

links to all chapters (HT-EN-links.html)

The most accurate English translation NASB 1995: New American Standard Bible (1995 AD>
NKJV: New King James Version (1982 AD)
KJV: King James Version (1611 AD)
ASV: American Standard Version(1901 AD)
Geneva: Geneva Bible (1560 AD)
German - Luther's Die Heilige Schrift(1545 AD), based on the Textus Receptus, Vulgate and other sources
Latin: Vulgate (405 AD)
Hebrew: Masoretic OT and NT translation by Salkinson and C.D. Ginsburg
Greek-OT: The Septuagint (LXX)(132 BC) - translation into Greek from Hebrew by 70 Jewish scholars
Greek-NT: Nestle-Aland (120-200AD), oldest manuscripts used for the NASB and
Textus Receptus (1100-1200AD), a later version used by Luther and for the KJV


top of the page


NAVIGATION tools: --- TOP of page --- GRAMMAR: for 35 Languages --- BibleTech.net INDEX ---
STUDY: the BIBLE --- READ the Bible in ONE_YEAR! --- READ the Bible in the order written! ---

--- free study tools, maps and handouts --- free e-book PDF: BIBLE OVERVIEW and Summary ---

Today's Date:

"Scripture taken from NEW AMERICAN STANDARD BIBLE® 1995 edition,(NASB) Copyright © 1960-2022 by The Lockman Foundation. Used by permission."
"Scripture taken from the New King James Version®.(NKJV) Copyright © 1982 by Thomas Nelson. Used by permission. All rights reserved."