|
================================================================================ ---- Ezekiel 45:1 ---- written 592-570 B.C. Exilic---- Eze 45:1 Lè n'a separe peyi a pou nou bay chak branch fanmi pa yo, se pou nou kite yon pòsyon n'a mete apa nèt pou Seyè a. Pòsyon tè sa a va gen douz kilomèt edmi longè sou dis kilomèt lajè. Tout zòn lan va rete apa nèt pou Seyè a.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 45:1 "And when you divide by lot the land for inheritance, you shall offer an allotment to the Lord, a holy portion of the land; the length shall be the length of 25,000 cubits, and the width shall be 20,000. It shall be holy within all its boundary round about.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 45:2---- Eze 45:2 Sou pòsyon tè sa a va gen yon anplasman kare kare pou Tanp lan. L'a gen witsankarant pye chak bò, ak yon espas katrevenkat pye lajè k'ap rete vid san anyen sou li toutotou anplasman an.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 45:2 Out of this there shall be for the holy place a square round about five hundred by five hundred cubits, and fifty cubits for its open space round about.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 45:3---- Eze 45:3 N'a separe pòsyon tè Seyè a an de moso menm gwosè, chak moso va gen douz kilomèt edmi longè sou senk kilomèt lajè. Se nan premye mwatye a n'a chwazi anplasman pou bati Tanp lan, kay yo mete apa nèt pou Seyè a.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 45:3 From this area you shall measure a length of 25,000 cubits and a width of 10,000 cubits; and in it shall be the sanctuary, the most holy place.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 45:4---- Eze 45:4 Se pòsyon sa a n'a kite apa nèt pou Seyè a. Se li ki va pou prèt yo k'ap sèvi kote ki apa pou Bondye a epi k'ap fè sèvis pou Seyè a nan Tanp lan. Se sou li y'a bati kay yo. Se la y'a chwazi anplasman pou Tanp lan.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 45:4 It shall be the holy portion of the land; it shall be for the priests, the ministers of the sanctuary, who come near to minister to the Lord, and it shall be a place for their houses and a holy place for the sanctuary.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 45:5---- Eze 45:5 Lòt mwatye a ki gen douz kilomèt edmi longè sou senk kilomèt lajè tou va rete pou moun Levi yo k'ap travay nan Tanp lan. Se la y'a bati kay pou yo rete.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 45:5 An area 25,000 cubits in length and 10,000 in width shall be for the Levites, the ministers of the house, and for their possession cities to dwell in.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 45:6---- Eze 45:6 Tou kole ak pòsyon tè Bondye a, n'a wete yon lòt pòsyon ki va gen douz kilomèt edmi longè, de kilomèt edmi lajè. Se la n'a bay pou bati kay kote nenpòt moun nan pèp Izrayèl la ka rete.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 45:6 "You shall give the city possession of an area 5,000 cubits wide and 25,000 cubits long, alongside the allotment of the holy portion; it shall be for the whole house of Israel.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 45:7---- Eze 45:7 Y'a wete yon pòsyon tè pou wa a tou. L'ap an de moso, yonn sou bò solèy kouche adwat pòsyon tè Seyè a ak pòsyon pou lavil la, ale nan direksyon lanmè ki sèvi fwontyè sou bò solèy kouche a, yon lòt sou bò solèy leve agoch pòsyon tè Seyè a ak pòsyon pou lavil la, ale nan direksyon fwontyè ki sou bò solèy leve a. Antou, l'ap menm gwosè ak pòsyon tè yo bay chak branch fanmi pèp Izrayèl la.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 45:7 "The prince shall have land on either side of the holy allotment and the property of the city, adjacent to the holy allotment and the property of the city, on the west side toward the west and on the east side toward the east, and in length comparable to one of the portions, from the west border to the east border.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 45:8---- Eze 45:8 Se pòsyon tè sa a y'a bay wa a nan peyi Izrayèl la pou rele l' pa l'. Konsa, li p'ap bezwen peze pèp mwen an ankò. L'a kite rès peyi a pou branch fanmi pèp Izrayèl la.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 45:8 This shall be his land for a possession in Israel; so My princes shall no longer oppress My people, but they shall give the rest of the land to the house of Israel according to their tribes."(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 45:9---- Eze 45:9 Seyè sèl Mèt la pale ankò, li di konsa: -Nou menm, chèf peyi Izrayèl la, nou fè kont peche nou. Sispann maltrete moun, sispann pran sa ki pa pou nou. Fè sa ki dwat, pa fè lenjistis. Pa mete pèp la deyò sou tè ki pou li a. Se mwen menm, Seyè sèl Mèt la, ki di nou sa.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 45:9 'Thus says the Lord God, "Enough, you princes of Israel; put away violence and destruction, and practice justice and righteousness. Stop your expropriations from My people," declares the Lord God.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 45:10---- Eze 45:10 Se pou tout moun sèvi ak bon pwa, ak bon mezi san madou.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 45:10 "You shall have just balances, a just ephah and a just bath.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 45:11---- Eze 45:11 Mezi efa ki sèvi pou grenn yo fèt pou gen menm valè ak mezi bat ki sèvi pou likid yo. Gwo mezi a se omè a. Sa ban nou yon omè egal dis efa, egal dis bat.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 45:11 The ephah and the bath shall be the same quantity, so that the bath will contain a tenth of a homer and the ephah a tenth of a homer; their standard shall be according to the homer.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 45:12---- Eze 45:12 Pou pwa yo, n'a gen vin gera egal yon chekèl, swasant chekèl egal yon mina.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 45:12 The shekel shall be twenty gerahs; twenty shekels, twenty-five shekels, and fifteen shekels shall be your maneh.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 45:13---- Eze 45:13 Men ki jan n'a mezire ofrann nou yo. Pou ble a, n'a bay yon mezi pou chak swasant mezi nou rekòlte. Pou lòj la, n'a bay yon mezi pou chak swasant mezi nou rekòlte.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 45:13 "This is the offering that you shall offer: a sixth of an ephah from a homer of wheat; a sixth of an ephah from a homer of barley;(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 45:14---- Eze 45:14 Pou lwil oliv la, n'a bay yon mezi pou chak san mezi lwil pye oliv yo bay. N'a mezire lwil la ak mezi bat la: dis bat pou yon omè, osinon pou yon kò.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 45:14 and the prescribed portion of oil (namely, the bath of oil), a tenth of a bath from each kor (which is ten baths or a homer, for ten baths are a homer);(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 45:15---- Eze 45:15 Pou mouton yo, n'a bay yonn pou chak desan mouton yon fanmi genyen. Se pou nou fè ofrann grenn jaden yo, ofrann bèt pou yo boule nèt, ak ofrann bèt pou yo touye pou di mèsi, pou Bondye ka padonnen peche nou yo. Se mwen menm, Seyè sèl Mèt la, ki bay lòd sa a.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 45:15 and one sheep from each flock of two hundred from the watering places of Israel--for a grain offering, for a burnt offering and for peace offerings, to make atonement for them," declares the Lord God.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 45:16---- Eze 45:16 Tout moun nan peyi a fèt pou pote ofrann sa yo bay wa k'ap gouvènen pèp Izrayèl la.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 45:16 "All the people of the land shall give to this offering for the prince in Israel.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 45:17---- Eze 45:17 Se devwa wa a pou li bay bèt pou yo boule nèt, grenn jaden, ak diven pou yo ofri pou tout pèp Izrayèl la pou fèt lalin nouvèl yo, pou jou repo m' yo ak pou tout lòt fèt yo. Se li ki pou bay ofrann pou mande Bondye padon, ofrann grenn jaden, ofrann pou yo boule nèt ak ofrann pou di mèsi, pou Bondye ka wete peche pèp Izrayèl la.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 45:17 It shall be the prince's part to provide the burnt offerings, the grain offerings and the drink offerings, at the feasts, on the new moons and on the sabbaths, at all the appointed feasts of the house of Israel; he shall provide the sin offering, the grain offering, the burnt offering and the peace offerings, to make atonement for the house of Israel."(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 45:18---- Eze 45:18 Seyè sèl Mèt la pale ankò, li di konsa: -Chak premye jou nan premye mwa lanne a, se pou nou touye yon towo bèf san ankenn enfimite bay Bondye, pou mete Tanp lan nan kondisyon pou fè sèvis Bondye a.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 45:18 'Thus says the Lord God, "In the first month, on the first of the month, you shall take a young bull without blemish and cleanse the sanctuary.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 45:19---- Eze 45:19 Prèt la va pran ti gout nan san bèt yo ofri pou mande Bondye padon an, l'a mete sou de poto ki bò pòtay Tanp lan, sou kat kwen lotèl la, sou tout poto pòtay ki mennen nan ti lakou anndan an.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 45:19 The priest shall take some of the blood from the sin offering and put it on the door posts of the house, on the four corners of the ledge of the altar and on the posts of the gate of the inner court.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 45:20---- Eze 45:20 Sou setyèm jou mwa a, se pou nou fè menm bagay la ankò pou tout moun ki fè peche san yo pa konnen, osinon san yo pa fè espre. Se konsa n'a kenbe Tanp lan nan kondisyon pou fè sèvis Bondye a.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 45:20 Thus you shall do on the seventh day of the month for everyone who goes astray or is naive; so you shall make atonement for the house.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 45:21---- Eze 45:21 Sou katòzyèm jou premye mwa a, n'a konmanse ak seremoni pou fèt Delivrans lan. Pandan sèt jou, se pou tout moun manje pen san ledven.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 45:21 "In the first month, on the fourteenth day of the month, you shall have the Passover, a feast of seven days; unleavened bread shall be eaten.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 45:22---- Eze 45:22 Sou premye jou fèt la, wa a gen pou l' ofri yon towo bèf pou yo touye pou mande Bondye padon pou peche l' yo ak pou peche tout pèp la.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 45:22 On that day the prince shall provide for himself and all the people of the land a bull for a sin offering.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 45:23---- Eze 45:23 Chak jou, pandan sèt jou fèt la, se pou l' ofri sèt towo bèf ak sèt belye mouton san ankenn enfimite pou yo boule nèt pou Seyè a. Chak jou, l'a bay yon bouk kabrit pou yo touye pou mande Bondye padon pou peche yo.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 45:23 During the seven days of the feast he shall provide as a burnt offering to the Lord seven bulls and seven rams without blemish on every day of the seven days, and a male goat daily for a sin offering.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 45:24---- Eze 45:24 Pou chak towo bèf ak pou chak belye mouton yo gen pou yo touye, se pou yo ofri yon demi mezi grenn jaden ak twaka yon mezi lwil oliv.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 45:24 He shall provide as a grain offering an ephah with a bull, an ephah with a ram and a hin of oil with an ephah.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 45:25---- Eze 45:25 Pou fèt Joupa yo, ki konmanse nan kenzyèm jou setyèm mwa a, wa a va fè menm bagay la tou chak jou, pandan sèt jou: ofrann pou mande Bondye padon, ofrann bèt pou boule nèt yo, ofrann grenn jaden yo ak ofrann lwil oliv yo.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 45:25 In the seventh month, on the fifteenth day of the month, at the feast, he shall provide like this, seven days for the sin offering, the burnt offering, the grain offering and the oil."(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 46:1 ---- written 592-570 B.C. Exilic---- |
|
THIS CHAPTER:
0847_26_Ezekiel_45_ht-en.html 0843_26_Ezekiel_41_ht-en.html 0844_26_Ezekiel_42_ht-en.html 0845_26_Ezekiel_43_ht-en.html 0846_26_Ezekiel_44_ht-en.html 0848_26_Ezekiel_46_ht-en.html 0849_26_Ezekiel_47_ht-en.html 0850_26_Ezekiel_48_ht-en.html 0851_27_Daniel_01_ht-en.html NKJV: New King James Version (1982 AD) KJV: King James Version (1611 AD) ASV: American Standard Version(1901 AD) Geneva: Geneva Bible (1560 AD) German - Luther's Die Heilige Schrift(1545 AD), based on the Textus Receptus, Vulgate and other sources Latin: Vulgate (405 AD) Hebrew: Masoretic OT and NT translation by Salkinson and C.D. Ginsburg Greek-OT: The Septuagint (LXX)(132 BC) - translation into Greek from Hebrew by 70 Jewish scholars Greek-NT: Nestle-Aland (120-200AD), oldest manuscripts used for the NASB and Textus Receptus (1100-1200AD), a later version used by Luther and for the KJV top of the page |
STUDY: the BIBLE --- READ the Bible in ONE_YEAR! --- READ the Bible in the order written! ---
--- free study tools, maps and handouts --- free e-book PDF: BIBLE OVERVIEW and Summary --- Today's Date:
|