|
================================================================================ ---- Ezekiel 46:1 ---- written 592-570 B.C. Exilic---- Eze 46:1 Seyè sèl Mèt la di ankò: -Se pou yo kenbe pòtay bò solèy leve nan ti lakou anndan an fèmen pandan sis jou moun gen dwa travay la. Men, y'a louvri l' jou repo ak jou fèt lalin nouvèl lan.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 46:1 'Thus says the Lord God, "The gate of the inner court facing east shall be shut the six working days; but it shall be opened on the sabbath day and opened on the day of the new moon.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 46:2---- Eze 46:2 Wa a va soti nan gwo lakou deyò a, l'a antre nan gwo chanm ki nan bout koridò a, l'a kanpe bò poto pòtay yo. Prèt yo menm va boule ofrann ki pou boule nèt yo. Y'a fè ofrann pou di Bondye mèsi yo. Se la, bò pòtay la, wa a va mete ajenou pou adore Bondye. Apre sa, l'a soti. Pòtay la va ret louvri jouk aswè.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 46:2 The prince shall enter by way of the porch of the gate from outside and stand by the post of the gate. Then the priests shall provide his burnt offering and his peace offerings, and he shall worship at the threshold of the gate and then go out; but the gate shall not be shut until the evening.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 46:3---- Eze 46:3 Chak jou repo m' yo ak chak fèt lalin nouvèl yo, se pou tout pèp la mete ajenou pou yo adore Seyè a devan pòtay la.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 46:3 The people of the land shall also worship at the doorway of that gate before the Lord on the sabbaths and on the new moons.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 46:4---- Eze 46:4 Chak jou repo m' yo se pou wa a ofri sis ti mouton ak yon belye mouton san ankenn enfimite, pou yo boule nèt pou Seyè a.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 46:4 The burnt offering which the prince shall offer to the Lord on the sabbath day shall be six lambs without blemish and a ram without blemish;(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 46:5---- Eze 46:5 Avèk chak belye mouton, l'a ofri yon demi mezi grenn jaden. Avèk chak ti mouton, l'a bay sa l'a vle. Pou chak demi mezi grenn, l'a bay twaka yon mezi lwil oliv.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 46:5 and the grain offering shall be an ephah with the ram, and the grain offering with the lambs as much as he is able to give, and a hin of oil with an ephah.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 46:6---- Eze 46:6 Pou fèt lalin nouvèl lan, l'a ofri yon jenn towo bèf, sis ti mouton ak yon belye mouton, yo tout san ankenn enfimite.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 46:6 On the day of the new moon he shall offer a young bull without blemish, also six lambs and a ram, which shall be without blemish.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 46:7---- Eze 46:7 Pou chak towo bèf ak pou chak belye mouton, l'a ofri yon demi mezi grenn jaden. Pou chak ti mouton, l'a ofri sa li vle. Se pou l' ofri twaka yon mezi lwil oliv pou chak demi mezi grenn li ofri.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 46:7 And he shall provide a grain offering, an ephah with the bull and an ephah with the ram, and with the lambs as much as he is able, and a hin of oil with an ephah.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 46:8---- Eze 46:8 Lè wa a ap antre, se pou l' pase nan gwo chanm ki nan bout koridò a. Lè l'ap soti, se la pou l' pase tou.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 46:8 When the prince enters, he shall go in by way of the porch of the gate and go out by the same way.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 46:9---- Eze 46:9 Pou nenpòt fèt, lè pèp la ap vin adore Seyè a, moun ki pase nan pòtay nò a pou yo antre va pase nan pòtay sid la pou yo soti. Moun ki pase nan pòtay sid la pou yo antre va pase nan pòtay nò a pou yo soti. Pesonn p'ap gen dwa pase soti kote li te pase antre a. Se pou l' pase soti nan pòtay anfas la.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 46:9 But when the people of the land come before the Lord at the appointed feasts, he who enters by way of the north gate to worship shall go out by way of the south gate. And he who enters by way of the south gate shall go out by way of the north gate. No one shall return by way of the gate by which he entered but shall go straight out.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 46:10---- Eze 46:10 Wa a va kanpe avèk pèp la, l'a antre ansanm ak yo, l'a soti ansanm ak yo.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 46:10 When they go in, the prince shall go in among them; and when they go out, he shall go out.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 46:11---- Eze 46:11 Pou jou fèt yo ak pou gwo seremoni yo, y'a ofri yon demi mezi grenn jaden pou chak towo bèf osinon pou chak belye mouton y'ap ofri. Pou chak ti mouton yon moun ap ofri, l'a bay sa l'a vle. Se pou yo bay twaka yon mezi lwil pou chak demi mezi grenn jaden.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 46:11 "At the festivals and the appointed feasts the grain offering shall be an ephah with a bull and an ephah with a ram, and with the lambs as much as one is able to give, and a hin of oil with an ephah.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 46:12---- Eze 46:12 Lè wa a ap fè yon ofrann paske li vle fè l' bay Seyè a, kit se yon ofrann pou yo boule nèt, kit se yon ofrann pou di Bondye mèsi, y'a louvri pòtay ki bay sou solèy leve nan ti lakou anndan an pou li. Se pou li fè ofrann li menm jan li fè l' pou jou repo yo. Men, soti li soti, y'a fèmen pòtay la.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 46:12 When the prince provides a freewill offering, a burnt offering, or peace offerings as a freewill offering to the Lord, the gate facing east shall be opened for him. And he shall provide his burnt offering and his peace offerings as he does on the sabbath day. Then he shall go out, and the gate shall be shut after he goes out.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 46:13---- Eze 46:13 Seyè a di ankò: -Chak maten, se pou yo ofri yon ti mouton ennan san ankenn enfimite pou yo boule nèt pou Seyè a. Se pou yo fè ofrann sa a chak jou.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 46:13 "And you shall provide a lamb a year old without blemish for a burnt offering to the Lord daily; morning by morning you shall provide it.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 46:14---- Eze 46:14 Chak maten, y'a ofri tou senk liv farin frans ak yon boutèy ka lwil oliv y'a melanje ak farin lan. Se konsa pou yo fè ofrann sa yo bay Seyè a. Sa se yon lòd ki la pou toutan, ki p'ap janm chanje.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 46:14 Also you shall provide a grain offering with it morning by morning, a sixth of an ephah and a third of a hin of oil to moisten the fine flour, a grain offering to the Lord continually by a perpetual ordinance.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 46:15---- Eze 46:15 Chak jou nan maten, san sote yon jou, se pou yo ofri ti mouton an, farin lan ak lwil la pou yo boule nèt pou Seyè a.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 46:15 Thus they shall provide the lamb, the grain offering and the oil, morning by morning, for a continual burnt offering."(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 46:16---- Eze 46:16 Seyè sèl Mèt la bay lòd sa a: -Si wa a fè yonn nan pitit li yo kado yon moso nan tè li a, moso tè sa a ap toujou rete pou pitit la. Se va byen eritaj fanmi li.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 46:16 'Thus says the Lord God, "If the prince gives a gift out of his inheritance to any of his sons, it shall belong to his sons; it is their possession by inheritance.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 46:17---- Eze 46:17 Men, si wa a fè yon moun k'ap sèvi l' kado yon moso nan tè li a, tè a ap tounen pou wa a ankò lè lanne rejwisans lan va rive. Paske, tè a se pou li. Se sèlman li menm ak pitit li ki ka mèt tè a pou toutan.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 46:17 But if he gives a gift from his inheritance to one of his servants, it shall be his until the year of liberty; then it shall return to the prince. His inheritance shall be only his sons'; it shall belong to them.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 46:18---- Eze 46:18 Wa a pa gen dwa mete ankenn moun nan pèp la deyò sou tè yo pou li pran l' pou li. Se nan tè ki rele l' pa l' la pou l' pran pou l' bay pitit li. Konsa, li p'ap mete pesonn deyò sou tè yo pou l' pran tè a pou li.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 46:18 The prince shall not take from the people's inheritance, thrusting them out of their possession; he shall give his sons inheritance from his own possession so that My people will not be scattered, anyone from his possession."'"(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 46:19---- Eze 46:19 Apre sa, nonm lan mennen m' devan pòt ki toupre pòtay sid la, nan ti lakou anndan an. Pòt la te bay sou chanm yo mete apa pou prèt Bondye yo, sou bò nò a. Li moutre m' yon espas nan fon an, sou bò solèy kouche chanm yo.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 46:19 Then he brought me through the entrance, which was at the side of the gate, into the holy chambers for the priests, which faced north; and behold, there was a place at the extreme rear toward the west.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 46:20---- Eze 46:20 Epi li di m': -Men kote prèt yo va bouyi vyann bèt yo te touye pou mande Bondye padon osinon pou peye pou peche yo fè yo. Se la tou y'a kwit ofrann farin yo. Konsa, tou sa yo te mete apa pou Bondye p'ap janm soti nan gwo lakou a kote yo te ka fè malè rive pèp la.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 46:20 He said to me, "This is the place where the priests shall boil the guilt offering and the sin offering and where they shall bake the grain offering, in order that they may not bring them out into the outer court to transmit holiness to the people."(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 46:21---- Eze 46:21 Apre sa, li mennen m' nan gwo lakou deyò a, li fè m' pase nan kat kwen lakou a. Te gen yon ti lakou nan chak kwen.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 46:21 Then he brought me out into the outer court and led me across to the four corners of the court; and behold, in every corner of the court there was a small court.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 46:22---- Eze 46:22 Antou, sa te fè kat ti lakou. Chak ti lakou sa yo te gen swasantwit pye longè, karantwit pye lajè.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 46:22 In the four corners of the court there were enclosed courts, forty cubits long and thirty wide; these four in the corners were the same size.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 46:23---- Eze 46:23 Yo chak te gen yon miray wòch ki te fèmen yo. Nan pye miray yo, te gen yon seri fouye dife ki te fè wonn lakou a.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 46:23 There was a row of masonry round about in them, around the four of them, and boiling places were made under the rows round about.(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 46:24---- Eze 46:24 Nonm lan di m': -Sa se kizin kote moun k'ap sèvi nan Tanp lan va bouyi vyann bèt pèp la ofri bay Bondye.(Creole-HT) -------------------------------------------------------------------------------- Eze 46:24 Then he said to me, "These are the boiling places where the ministers of the house shall boil the sacrifices of the people."(NASB-1995) ================================================================================ ---- Ezekiel 47:1 ---- written 592-570 B.C. Exilic---- |
|
THIS CHAPTER:
0848_26_Ezekiel_46_ht-en.html 0844_26_Ezekiel_42_ht-en.html 0845_26_Ezekiel_43_ht-en.html 0846_26_Ezekiel_44_ht-en.html 0847_26_Ezekiel_45_ht-en.html 0849_26_Ezekiel_47_ht-en.html 0850_26_Ezekiel_48_ht-en.html 0851_27_Daniel_01_ht-en.html 0852_27_Daniel_02_ht-en.html NKJV: New King James Version (1982 AD) KJV: King James Version (1611 AD) ASV: American Standard Version(1901 AD) Geneva: Geneva Bible (1560 AD) German - Luther's Die Heilige Schrift(1545 AD), based on the Textus Receptus, Vulgate and other sources Latin: Vulgate (405 AD) Hebrew: Masoretic OT and NT translation by Salkinson and C.D. Ginsburg Greek-OT: The Septuagint (LXX)(132 BC) - translation into Greek from Hebrew by 70 Jewish scholars Greek-NT: Nestle-Aland (120-200AD), oldest manuscripts used for the NASB and Textus Receptus (1100-1200AD), a later version used by Luther and for the KJV top of the page |
STUDY: the BIBLE --- READ the Bible in ONE_YEAR! --- READ the Bible in the order written! ---
--- free study tools, maps and handouts --- free e-book PDF: BIBLE OVERVIEW and Summary --- Today's Date:
|